Èd pou Etid
Deklarasyon Ofisyèl 1


Deklarasyon Ofisyèl 1

Premye pati Deklarasyon Ofisyèl 1, sa yo rele Manifest la, enprime nan dènye paj Doktrin ak Alyans yo. Se Prezidan Wilford Woodruff ki te bay li epi yo te prezante l devan manm Legliz la nan konferans jeneral 6 Oktòb 1890 la. Apati 1862, plizyè lwa, pandan 25 ane apre yo, te rann maryaj pliral ilegal nan Etazini. Senyè a te montre Wilford Woodruff nan vizyon ak revelasyon sa ki ta pral rive si Sen yo pa t sispann pratik maryaj pliral la. Manifest la te anonse ofisyèlman maryaj pliral pa t selebre ankò.