Èd pou Etid
Miche


Miche

Yon pwofèt Ansyen Testaman. Li te moun nan Morechèt, nan plèn peyi Jida a, epi li te pwofetize pandan Ezekyas te wa a (Miche 1:1–2).

Liv Miche a

Miche se sèl liv nan Ansyen Testaman an ki lonmen Bètleyèm kòm kote Mesi a ta pral fèt la (Miche 5:2). Nan liv la, Senyè a te konvèse avèk pèp la epi Li rakonte yo bonte Li nan tan pase; Li reklame jistis, mizèrikòd ak imilite nan men yo (Miche 6:8).