Èd pou Etid
Ourim ak Toumim


Ourim ak Toumim

Enstriman Bondye prepare pou asiste lòm pou yo jwenn revelasyon epi pou yo tradui lang. Nan lang Ebre a, mo yo vledi “limyè ak pèfeksyon.” Ourim ak Toumim nan gen de boul kristal antoure avèk riban ajantri epi kèk fwa yo itilize l avèk yon kiras (D&A 17:1; I—JS 1:35, 42, 52). Tè sa a pral tounen yon gran Ourim ak Toumim lè l nan eta imòtèl epi sanntifye (D&A 130:6–9).