Èd pou Etid
Adiltè


Adiltè

Asosyasyon seksyèl ilegal ant gason ak fi. Byenke an jeneral adiltè fè moun panse a relasyon seksyèl ant yon moun marye ak yon lòt moun ki pa mari l oubyen madanm li, nan ekriti yo li kapab vle di yon moun ki pa marye.

Kèk fwa mo adiltè a kapab itilize kòm senbòl pou apostazi yon nasyon oubyen yon pèp antye ki soti nan prezans Senyè a (Nonb 25:1–3; Jer. 3:6–10; Ezek. 16:15–59; Oze 4).