Èd pou Etid
Tanp, kay Senyè a


Tanp, kay Senyè a

Literalman, kay Senyè a. Senyè a te toujou kòmande pèp li a pou yo bati tanp, kay sen kote pou Sen ki diy yo akonpli seremoni ak òdonans sakre levanjil la pou tèt pa yo epi pou mò yo. Senyè a vizite tanp Li yo, epi yo se plas adorasyon ki pi sen pase tout lòt.

Tabènak Moyiz ak pitit Izrayèl yo te tabli a te yon tanp pòtatif. Izrayelit yo te itilize l pandan egzòd yo nan Ejip.

Tanp ki pi popilè Ansyen Testaman an te mansyone a se sa Salomon te bati nan Jerizalèm nan (2 Kwo. 2–5). Babilonyen yo te detwi l an 587 anvan Jezikri epi Zowobabèl te retabli l, prèske 70 zan apre (Esd. 1–6). Yon pati nan tanp sa a te boule nan 37 anvan Jezikri a, Ewòd Legran te rebati l apre sa. Women yo te detwi tanp la nan 70 apre Jezikri.

Nan Liv Mòmon an, disip Bondye yo ki te jis yo te resevwa direksyon pou yo bati epi pou yo fè adorasyon nan tanp (2 Ne. 5:16; Mozya 1:18; 3 Ne. 11:1). Konstriksyon ak itilizasyon apwopriye yon tanp se siy vrè Legliz la nan nenpòt dispansasyon, sa aplike tou pou Legliz retabli a nan epòk nou an. Tanp Kirtland nan se te premye tanp ki te bati epi ki te dedye pou Senyè a nan dispansasyon an. Depi lè sa a, konsekrasyon tanp kontinye fèt nan anpil peyi sou tè a.