Èd pou Etid
Detewonòm


Detewonòm

Senkyèm liv Ansyen Testaman an.

Detewonòm gen twa dènye diskou Moyiz te fè nan plèn Moab yo anvan li te monte a. Premye diskou a (chapit 1–4) se entwodiksyon. Dezyèm diskou a (chapit 5–26) gen de pati: (1) chapit 5–11—Dis Kòmandman yo ak yon esplikasyon pratik konsènan yo; epi (2) chapit 12–26—yon seri lwa, ki fòme nannan tout liv la. Twazyèm diskou a (chapit 27–30) gen yon rapèl solanèl konsènan alyans ant Izrayèl avèk Bondye epi yon anons konsènan benediksyon ki suiv obeyisans ak malediksyon ki suiv dezobeyisans. Chapit 31–34 dekri lè Levit yo te resevwa lwa yo, chan Moyiz yo, dènye benediksyon an ak depa Moyiz.