Èd pou Etid
Jezabèl


Jezabèl

Yon fi mechan nan Ansyen Testaman an ki te soti nan peyi Fenisi la. Li te madanm Akab (1 Wa 16:30–31), yon wa Izrayèl ki te reye pandan Eli te pwofèt.

Maryaj Jezabèl avèk Akab la, plis pase okenn lòt evènman, te lakoz dekadans wayòm nò Izrayèl la; Jezabèl te vini avèk pi move fòm adorasyon idòl ki soti nan peyi l la nan Izrayèl. nan plas adorasyon Jewova (1 Wa 18:13, 19).