Jan yo itilize l nan ekriti yo, yon fanmi gen yon mari ak madanm, pitit, epi kèk fwa ak lòt paran ki rete nan menm kay la oubyen ki sou direksyon yon sèl fanmi. Yon fanmi kapab yon sèl paran ak pitit, yon mari ak madanm san pitit, oubyen menm yon sèl moun k ap viv pou kont li.
Nan ou menm tout fanmi sou tè a pral beni, Jen. 12:3 (Jen. 28:14 ; Abr. 2:11 ).
Se mwen k ap Bondye tout fanmi Izrayèl yo, Jer. 31:1 .
Glwa w se ap kontinyasyon desandan w pou tout tan, D&A 132:19 .
M ap ba li kouwòn lavi etènèl nan mond etènèl yo, D&A 132:55 .
Sèlman pitit yo avèk paran yo se yon pati nan gran travay plenitid tout tan yo, D&A 138:48 .
M te kreye yo gason ak fi, epi m te di yo: Ou dwe pwodwi, epi miltipliye, Moyiz 2:27–28 .
Li pa bon pou gason an rete pou kont li, Moyiz 3:18 .
Adan ak Èv te travay ansanm, Moyiz 5:1 .
Abraram pral kòmande pitit li yo, epi y ap mache nan chemen Senyè a, Jen. 18:17–19 .
Anseye pitit ou yo pawòl sa yo avèk dilijans, Det. 6:7 (Det. 11:19 ).
Yon moun ki renmen pitit gason l, li chatye l, Pwov. 13:24 (Pwov. 23:13 ).
Antrene timoun ou nan chemen li dwe mache, Pwov. 22:6 .
Viv jwayezman avèk madanm ou renmen an, Ekl. 9:9 .
Senyè a pral anseye tout pitit ou yo, Eza. 54:13 (3 Ne. 22:13 ).
Fè yo grandi nan nouriti Senyè a, Efe. 6:1–4 (Enòs 1:1 ).
Si yon moun pa travay pou swen pa l, li nye lafwa a, 1 Tim. 5:8 .
Li te egzòte yo avèk tout santiman yon bon paran, 1 Ne. 8:37 .
Nou pale konsènan Kris pou pitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo gade, 2 Ne. 25:26 .
Mari yo ak madanm yo renmen pitit yo, Jakòb 3:7 .
Anseye yo pou youn renmen lòt epi pou youn sèvi lòt, Mozya 4:14–15 .
Ou dwe defann fanmi w menm si se pou w ta vèsè san, Alma 43:47 .
Priye nan fanmi ou pou madanm ak pitit ou kapab beni, 3 Ne. 18:21 .
Paran yo dwe anseye pitit yo levanjil la, D&A 68:25 .
Chak gason dwe oblije pran swen fanmi pa l, D&A 75:28 .
Tout pitit dwe jwenn soutyen nan men paran yo, D&A 83:4 .
Elve pitit ou yo nan limyè ak verite, D&A 93:40 .
Mete lòd nan pwòp kay ou, D&A 93:43–44, 50 .
Detantè prètriz yo ta dwe enfliyanse lòt moun sèlman avèk lanmou san fent, D&A 121:41 .
Onore papa w ak manman w, Egz. 20:12 .
Pitit gason m nan, tande enstriksyon papa w, Pwov. 1:8 (Pwov. 13:1 ; 23:22 ).
Jezi te soumèt devan paran li yo, Lik 2:51 .
Jezi te fè volonte papa l, Jan 6:38 (3 Ne. 27:13 ).
Obeyi paran w yo nan Senyè a, Efe. 6:1 (Kol. 3:20 ).
Si pitit yo repanti, endiyasyon Senyè a ap soti, D&A 98:45–48 .
Pitit fi fidèl Èv yo te adore vrè Bondye vivan an, D&A 138:38–39 .
Doktrin ak Alyans yo tabli nati etènèl maryaj ak relasyon familyal. Maryaj selès ak kontinyasyon fanmi ansanm pèmèt mari ak madanm pou yo vin tounen bondye (D&A 132:15–20 ).