Èd pou Etid
Magòg


Magòg

Nan Bib la, yon peyi epi yon pèp pre Lanmè Nwa a. Wa yo a, Gòg, pral dirije lame Magòg yo nan yon dènye gran batay anvan Dezyèm Vini Kris la (Ezek. 38:2; 39:6). Ekriti yo pale de yon lòt gwo batay ant Gòg avèk Magòg nan finisman Milenyòm nan ant patizan Bondye yo avèk patizan malen an (Apok. 20:7–9; D&A 88:111–116).