Èd pou Etid
Levitik


Levitik

Yon liv nan Ansyen Testaman an ki pale konsènan devwa prèt nan Izrayèl. Li mete aksan sou sentete Bondye epi règ pou moun ta suiv pou yo vin sen. Bi li se pou l fè seremoni pou anseye konduit moral ak verite relijye ki nan lwa Moyiz la. Se Moyiz ki te ekri liv Levitik la.

Chapit 1–7 esplike òdonans sakrifikatwa. Chapit 8–10 dekri seremoni ki te adopte nan konsekrasyon prèt yo. Chapit 11 esplike ki sa moun dwe oubyen pa dwe manje epi sa ki pwòp ak sa ki sal. Chapit 12 diskite konsènan fi apre akouchman. Chapit 13–15 se lwa konsènan salte seremonyèl. Chapit 16 gen seremoni pou moun obsève nan Jou Ekspyasyon an. Chapit 17–26 gen yon gwoup lwa ki okipe obsèvasyon relijye ak sosyal. Chapit 27 esplike Senyè a te kòmande Izrayèl pou yo konsakre rekòt yo, bèt yo ak twoupo yo bay Senyè a.