Èd pou Etid
Konfese, konfesyon


Konfese, konfesyon

Ekriti yo itilize konfesyon nan de fason omwen. Nan yon sans, konfese siyifi lè yon moun deklare lafwa li nan yon bagay, tèlke konfese Jezi se Kris la (Mat. 10:32; Wom. 10:9; 1 Jn. 4:1–3; D&A 88:104).

Nan yon lòt sans, konfese vle di lè yon moun admèt li gen tò, tèlke nan konfesyon peche. Se devwa tout moun pou yo konfese peche yo devan Senyè a epi pou yo jwenn padon L (D&A 58:42–43). Lè l nesesè, nou dwe konfese peche nou devan moun nou te fè mal la oubyen moun te fè mal yo. Nou dwe konfese peche ki grav devan yon dirijan Legliz (pi souvan devan evèk la).