Nan ekriti yo, yo itilize je souvan kòm senbòl abilte yon moun pou l resevwa limyè Bondye. Senbolikman, je yon moun montre kondisyon espirityèl ak yon konpreyansyon bagay Bondye.
Kòmandman Senyè a pi, li klere je, Sòm 19:8 .
Moun ensanse gen je epi li pa wè, Jer. 5:21 (Mak 8:18 ).
Limyè kò a se je a, Mat. 6:22 (Lik 11:34 ; 3 Ne. 13:22 ; D&A 88:67 ).
Je w yo beni paske yo wè, Mat. 13:16 .
Je konpreyansyon w pral eklere, Efe. 1:17–18 .
Malè yon moun ki saj devan je pa l, 2 Ne. 15:21 (Eza. 5:21 ).
Yo te kòmanse jene, priye pou je pèp la te kapab louvri, Mozya 27:22 .
Satan te avegle je yo, 3 Ne. 2:2 .
Pèsonn pa kapab gen pouvwa pou fè Liv Mòmon an parèt, san li pa gen je fikse sou glwa Bondye, Mòm. 8:15 .
Ak pouvwa Lespri a je nou te louvri epi konpreyansyon nou te eklere, D&A 76:12 .
Limyè a nan moun ki eklere je nou an, D&A 88:11 .
Si je w fikse sou glwa m, tout kò w ap chaje ak limyè, D&A 88:67 .