Èd pou Etid
Mòmon, pwofèt Nefit


Mòmon, pwofèt Nefit

Yon pwofèt Nefit, yon jeneral lame, epi yon moun ki te kenbe rejis Liv Mòmon an. Mòmon te viv anviwon 311–385 apre Jezikri (Mòm. 1:2, 6; 6:5–6; 8:2–3). Li te yon dirijan militè pandan prèske tout lavi l li te kòmanse nan laj 15 zan (Mòm. 2:1–2; 3:8–12; 5:1; 8:2–3). Amawon te enstwi Mòmon pou l te prepare tèt li pou l pran responsablite rejis yo epi pou l kenbe rejis yo (Mòm. 1:2–5; 2:17–18). Apre l te fin anrejistre istwa lavi pa l, Mòmon te rezime gran plak Nefi yo nan plak Mòmon yo. Pita, li te pase rejis sakre a bay pitit gason l lan, Mowoni. Plak sa yo te yon pati nan rejis kote Joseph Smith te tradui Liv Mòmon an.

Pawòl Mòmon yo

Yon ti liv nan Liv Mòmon an. Ant dènye mo Amaleki yo nan liv Omni an ak premye pawòl yo ki nan liv Mozya a, Mòmon, editè tout rejis yo te fè ti remak sa a, (Gade nan “Yon Esplikasyon Brèf konsènan Liv Mòmon an” nan paj devan Liv Mòmon an).

Liv Mòmon an

Yon liv apa nan volim ekriti yo rele Liv Mòmon an. Chapit 1–2 pale konsènan Amawon, yon pwofèt Nefit, ki te anseye Mòmon ki kote epi ki lè pou l jwenn plak yo. Epi tou, gwo lagè a te kòmanse epi Twa Nefit yo t ale poutèt mechanste pèp. Chapit 3–4 rakonte Mòmon ki t ap kriye repantans devan pèp la, men yo te san sansiblite, epi yon pi gran mechanste pase tout lòt te pran pye nan Izrayèl. Chapit 5–6 rakonte batay final ant Nefit yo ak Lamanit yo. Yo te touye Mòmon ansanm avèk prèske tout nasyon Nefit la. Nan Chapit 7, anvan lanmò l, Mòmon te rele moun nan tan sa ak nan tan k ap vini—pou yo repanti. Chapit 8–9 fè konnen, finalman, sèlman Mowoni, pitit gason Mòmon an, te rete. Li te anrejistre sèn final lanmò ak ansasen, ak fen pèp Nefit la, epi li te ekri yon mesaj pou jenerasyon k ap vini yo ak lektè rejis sa yo.