Èd pou Etid
Amòs


Amòs

Yon pwofèt nan Ansyen Testaman an ki te pwofetize apwoksimativman depi nan 792 jis nan 740 anvan Jezikri nan epòk Ozyas, Wa Jida a, ak Jewobowam, wa Izrayèl la.

Liv Amòs la

Yon liv nan Ansyen Testaman an. Anpil nan pwofesi Amòs yo te avèti Izrayèl ak nasyon nan vwazinaj li yo pou yo retounen nan jistis.

Chapit 1–5 egzòte Izrayèl ak nasyon nan vwazinaj li yo pou yo nan repanti. Chapit 3 esplike Senyè a revele sekrè L yo bay pwofèt epi poutèt transgresyon, yon advèsè pral detwi Izrayèl. Chapit 6–8 pwofetize konsènan chit Izrayèl la anpil ane anvan envazyon Asiryen yo. Chapit 9 pwofetize Izrayèl pral retabli nan tè pa l la.