Èd pou Etid
Jozye


Jozye

Yon pwofèt epi yon dirijan nan Ansyen Testaman an, ki te vin apre Moyiz. Li te fèt nan Ejip anvan pitit Izrayèl yo te chape (Nonb 14:26–31). Limenm ak Kalèb te pami douz espyon yo te voye nan Kanaran yo. Yo se sèl moun ki te bay yon bon rapò konsènan peyi a (Nonb 13:8, 16–33; 14:1–10). Li te mouri a laj 110 zan (Joz. 24:29). Jozye te yon gwo egzanp kòm yon pwofèt gèrye ki te devwe.

Liv Jozye a

Liv sa a te pote non Jozye poutèt li te pèsonaj prensipal ladan l, men se pa paske li te ekri. Chapit 1–12 dekri konkèt Kanaran an; Chapit 13–24 pale de jan tribi Izrayèl yo te divize tè a ak dènye konsèy Jozye yo.

De vèsè remakab nan liv Jozye a se kòmandman Senyè a te ba li pou l medite sou ekriti yo (Joz. 1:8) ak apèl Jozye te rele pèp la pou yo fidèl devan Senyè a (Joz. 24:15).