Èd pou Etid
Izrayèl


Izrayèl

Senyè a te rele Izrayèl Jakòb, ki te pitit gason Izarak e pitit pitit gason Abraram nan Ansyen Testaman an (Jen. 32:28; 35:10). Non Izrayèl la kapab voye nou nan Jakòb limenm, desandan li yo, oubyen wayòm desandan sa yo te posede nan epòk Ansyen Testaman an (2 Sam. 1:24; 23:3). Apre Moyiz te fin dirije pitit Izrayèl yo soti nan esklavaj Ejipsyen (Egz. 3–14), yo te vin sou gouvènman jij pandan pliske twazan. Kòmanse avèk Wa Sayil, wa te gouvène Izrayèl inifye a jistan Salomon te mouri, lè dis tribi te revòlte kont Robowam pou yo fòme yon nasyon separe. Lè wayòm Izrayèl la te fin divize, pati nò a, ki te pati pi laj la, te kenbe non Izrayèl la, alòske wayòm sid la te rele Jida. Jodi a, tè Kanaran an rele Izrayèl tou. Nan yon lòt sans, Izrayèl vledi yon vrè kwayan nan Kris (Wom. 10:1; 11:7; Gal. 6:16; Efe. 2:12).

Douz tribi Izrayèl yo

Yo te chanje non Jakòb, pitit pitit gason Abraram nan pou fè l tounen Izrayèl, li te gen douz pitit gason. Yo te vin konnen desandan yo sou non douz tribi Izrayèl yo oubyen pitit Izrayèl yo. Men douz tribi yo: Riben, Simeyon, Levi, Jida, Isaka, epi Zabilon (pitit gason Jakòb yo avèk Leya); Dan ak Neftali (pitit gason Jakòb yo avèk Bila); Gad epi Asè (pitit gason Jakòb yo avèk Zilpa); Jozèf ak Benjamen (pitit gason Jakòb yo avèk Rachèl) (Jen. 29:32–30:24; 35:16–18).

Jakòb te bay chak dirijan tribi yon benediksyon anvan l te mouri (Jen. 49:1–28). Pou plis enfòmasyon, gade nan non chak pitit gason Jakòb yo.

Riben, premye pitit gason premye madanm Jakòb la ki te rele Leya a te pèdi benediksyon dwadenès li ak yon pòsyon doub nan eritaj li poutèt imoralite (Jen. 49:3–4). Dwadenès la t ale jwenn Jozèf, ki te premye pitit gason dezyèm madanm Jakòb la, ki te rele Rachèl (1 Kwo. 5:1–2). Levi, nonm Senyè a te chwazi tribi li a pou sèvi kòm prèt, li pa t resevwa yon eritaj poutèt apèl espesyal yo te resevwa pou sèvi pami tout tribi yo. Sa te pèmèt pòsyon doub Jozèf la ale jwenn pitit gason Jozèf yo, Efrayim ak Manase (1 Kwo. 5:1; Jer. 31:9), ki te konte kòm tribi separe pami tribi Izrayèl yo (TJS, Jen. 48:5–6 [Apendis]).

Manm tribi Jida yo te gen pou yo sèvi kòm gouvènè jistan Mesi a te vini (Jen. 49:10; TJS, Jen. 50:24 [Apendis]). Nan dènye jou yo, tribi Efrayim nan gen privilèj pou l pote mesaj Retablisman levanjil la bay mond lan ak rasanbleman Izrayèl ki te dispèse a (Det. 33:13–17). Tan an pral rive pou Efrayim gen yon pozisyon dirijan pou l reyini tout tribi Izrayèl yo pa mwayen levanjil Jezikri a (Eza. 11:12–13; D&A 133:26–34).

Dispèsyon Izrayèl la

Senyè a te dispèse epi Li te aflije douz tribi Izrayèl yo poutèt enjistis yo ak rebelyon yo. Sepandan, Senyè a te sèvi tou ak dispèsyon pèp Li te chwazi pami nasyon yo ki nan mond lan pou L beni nasyon sa yo.

Rasanbleman Izrayèl la

Kay Izrayèl la pral rasanble ansanm nan dènye jou yo anvan vini Kris la (AL 1:10). Senyè a rasanble pèp Izrayèl Li a lè yo aksepte L epi yo respekte kòmandman Li yo.

Dis tribi pèdi Izrayèl yo

Dis tribi Izrayèl yo te fòme wayòm nò Izrayèl la epi Asiri te kaptivite nan 721 anvan Jezikri. Nan epòk sa a, yo t ale nan “peyi nò yo” epi yo te vin pèdi daprè konesans lòt tribi yo. Nan dènye jou yo y ap retounen.