Èd pou Etid
Asiri


Asiri

Yon ansyen wayòm, ansanm avèk rival li a, Babilòn, li te gouvène yon gwo pati nan ansyen eta Siri ak Filisti an, pandan prèske tout epòk Ansyen Testaman an. Byenke Asiryen yo te yon gwo puisans depi nan mwatye 12 zyèm syèk anvan Jezikri jis nan finisman 7 tyèm syèk anvan Jezikri, yo pa t janm kapab bati yon estrikti politik estab. Yo te gouvène avèk raj, yo te kraze ènmi yo avèk dife, epe oubyen depòte gran pòsyon nan yon popilasyon nan lòt pati nan wayòm nan pou afebli yo. Moun yo ki te anba gouvènman Asiri yo pa t janm sispann batay kont gouvènman an. (Gade nan 2 Wa 18–19; 2 Kwo. 32; Eza. 7:17–20; 10; 19; 37.)