Èd pou Etid
Samyèl, pwofèt Ansyen Testaman


Samyèl, pwofèt Ansyen Testaman

Pitit gason Èlkana avèk Àn, Samyèl te fèt kòm repons pou priyè manman l (1 Sam. 1). Lè l te timoun li te sou responsablite Eli, gran prèt tabènak Chilo a (1 Sam. 2:11; 3:1). Senyè a te aple Samyèl pandan li te jèn pou l vin tounen yon pwofèt (1 Sam. 3). Apre lanmò Eli, Samyèl te vin tounen gran pwofèt ak jij Izrayèl epi li te retabli lwa a, lòd, ak adorasyon regilye nan peyi a (1 Sam. 4:15–18; 7:3–17).

1 Samyèl 28:5–20 gen istwa Samyèl, majisyèn Andò a te resisite l pami mò yo, sou demand Wa Sayil. Se pa t ap kapab yon vizyon ki soti bò kote Bondye, paske yon majisyen oubyen nenpòt lòt entèmedyè espirityèl pa ta kapab enfliyanse yon pwofèt sou demand li.

Liv 1 ak 2 Samyèl yo

Nan kèk Bib, liv 1 ak 2 Samyèl yo fè yon sèl liv. Nan kèk lòt liv yo fè de liv. Liv yo kouvri yon peryòd 130 ane anviwon, depi nan nesans Samyèl jis anvan lanmò Wa David.

Liv 1 Samyèl la

Chapit 1–3 fè konnen Senyè a te modi epi li te pini fanmi Eli a epi li te aple Samyèl kòm gran prèt ak jij. Chapit 4–6 rakonte kòman Bwat alyans lan te tonbe nan men Filisten yo. Chapit 7–8 anrejistre avètisman Samyèl konsènan lè moun gen fodye ak wa mechan. Chapit 9–15 dekri kouwònman Sayil ak gouvènman l kòm wa. Chapit 16–31 rakonte istwa David epi lè li pran pouvwa a—Samyèl te kouwone David ki te touye Golyat la. Sayil te rayi David, men David te refize touye Sayil malgre li te gen opòtinite pou l fè sa.

Liv 2 Samyèl la

Liv la gen detay konsènan gouvènman David kòm wa Jida epi finalman kòm wa tout Izrayèl. Chapit 1–4 montre yon lit long ant patizan David yo, apre Jida te fin kouwone l, ak patizan Sayil yo. Chapit 5–10 montre David vin pisan nan anpil peyi. Chapit 11–21 montre dekadans fòs espirityèl David poutèt peche l yo ak rebelyon nan pwòp fami l. Chapit 22–24 dekri lè David te eseye rekonsilye avèk Senyè a.