Èd pou Etid
Eklezyas


Eklezyas

Yon liv nan Ansyen Testaman an ki gen refleksyon konsènan kèk nan pwoblèm ki pi serye nan lavi a.

Otè liv la, Predikatè a, ekri majorite liv la daprè konsepsyon moun ki pa konprann levanjil. Li ekri daprè monden yo—ki vle di, moun ki “anba solèy la” (Ekl. 1:9). Pi fò liv la parèt negatif epi pesimis (Ekl. 9:5, 10). Se pa konsa Senyè a ta vle nou wè lavi a men okontrè se jan Predikatè a te obsève bagay yo parèt pou moun yo sou tè a ki pa eklere. Pati ki pi espirityèl nan liv la se chapit 11 ak 12, kote ekriven an di an konklizyon, sèl bagay ki gen yon valè dirab se obeyisans kòmandman Bondye yo.