Èd pou Etid
Pòl


Pòl

Yon Apot nan Nouvo Testaman an. Non Ebre Pòl sete Sayil, epi li te pote non l jistan l te kòmanse sèvi misyon l lan pami Janti yo. Anvan sa, li te pèsekite Legliz la, men li te konvèti nan verite Legliz la apre li te fin fè vizyon Jezikri a. Pòl te fè twa vwayaj misyonè prensipal epi li te ekri anpil lèt voye bay Sen yo. Katòz nan lèt sa yo fòme yon pati nan Nouvo Testaman an jodi a. Finalman yo te anprizone l nan Wòm epi yo te touye l, petèt nan pretan 65 an apre Jezikri.