Èd pou Etid
Jowèl


Jowèl

Yon pwofèt nan peyi Jida nan Ansyen Testaman an. Moun pa konnen nan ki epòk li te viv—li kapab byen te viv nan yon epòk ant rèy Jòch, anvan 850 anvan Jezikri, ak retou tribi Jida a soti nan kaptivite Babilòn.

Liv Jowèl la

Liv la te santre sou yon pwofesi Jowèl te fè apre yon gwo sechrès ak sotrèl te fin frape peyi Jida (Jowèl 1:4–20). Jowèl te bay pèp la asirans yo te kapab resevwa benediksyon Bondye ankò si yo repanti (Jowèl 2:12–14).

Chapit 1 se yon apèl pou yon asanble solanèl nan kay Senyè a. Chapit 2 a pale de lagè ak dezolasyon ki an Milenyòm nan. Chapit 3 a pale de dènye jou yo epi li di tout nasyon ap nan lagè men alafen Senyè a pral rete nan Siyon.

Pyè resite pwofesi Jowèl te fè konsènan devèsman Lespri nan jou Pannkòt la (Jowèl 2:28–32; Tra. 2:16–21). Zanj Mowoni an te site menm pasaj sa a bay Joseph Smith tou (I—JS 1:41).