Èd pou Etid
Syèl


Syèl

Mo syèl la gen de siyifikasyon prensipal nan ekriti yo. (1) Se kote Bondye rete ak pwochen kay Sen yo (Jen. 28:12; Sòm 11:4; Mat. 6:9). (2) Se etandi ki antoure tè a (Jen. 1:1, 17; Egz. 24:10). Klèman, syèl la pa paradi a, ki se yon kote tanporè pou lespri fidèl moun ki te viv sou tè a. Jezi te vizite paradi a apre lanmò L sou kwa a, men, twazyèm jou a, Li te fè Mari konnen Li pa t ko ale kote Papa a (Lik 23:39–44; Jan 20:17; D&A 138:11–37).