Èd pou Etid
Mowoni, pitit gason Mòmon


Mowoni, pitit gason Mòmon

Dènye pwofèt Nefit nan Liv Mòmon an (apeprè 421 apre Jezikri). Yon ti tan anvan lanmò Mòmon, li te pote yon rejis istorik ki rele plak Mòmon yo bay Mowoni, pitit gason l lan (P—M 1:1). Mowoni te fini konpile plak Mòmon yo. Li te ajoute chapit 8 ak 9 nan liv Mòmon an (Mòm. 8:1). Li te rezime epi li te ajoute liv Etè a (Etè 1:1–2) epi li te ajoute liv pa li a ki rele liv Mowoni an (Mowo. 1). Mowoni te sele plak yo epi li te sere yo nan Kolin Kimora a (Mòm. 8:14; Mowo. 10:2). Nan 1823 Mowoni te vini kòm yon èt resisite pou l revele Liv Mòmon an bay Joseph Smith (D&A 27:5; I—JS 1:30–42, 45). Li te enstwi jèn pwofèt la chak ane depi 1823 jis nan 1827 (I—JS 1:54) epi finalman li te livre plak yo ba li nan 1827 (I—JS 1:59). Apre l te fin konplete tradiksyon an Joseph Smith te retounen plak yo bay Mowoni.

Liv Mowoni an

Liv final ki andedan Liv Mòmon an. Se Mowoni, dènye pwofèt Nefit la ki te ekri l. Chapit 1–3 rakonte destriksyon final Nefit yo, li bay enstriksyon sou jan pou yo konfere Sentespri a ak prètriz la. Chapit 4–5 detaye fason ekzat pou administre sentsèn nan. Chapit 6 rezime travay Legliz la. Chapit 7–8 se diskou sou premye prensip levanjil la, ki gen ansèyman Mòmon sou lafwa, esperans ak charite epi jan pou yon moun distenge ant byen ak mal (Mowo. 7), epi kote Mòmon eksplike timoun piti yo vivan nan Kris la epi yo pa bezwen batèm (Mowo. 8). Chapit 9 dekri depravasyon nasyon Nefit la. Chapit 10 se mesaj final Mowoni epi li genyen fason pou yon moun kapab konnen Liv Mòmon an se verite (Mowo. 10:3–5).