Èd pou Etid
Moyiz


Moyiz

Yon pwofèt Ansyen Testaman ki te dirije Izrayelit yo soti anba esklavaj Ejipsyen epi ki te ba yo yon seri lwa jounalye, relijye, epi sosyal Bondye te revele.

Ministè Moyiz te depase limit pwòp lavi mòtèl li. Joseph Smith te fè konnen, Moyiz te vini ansanm avèk Eli sou Mòn Transfigirasyon an pou remèt Pyè, Jak, ak Jan kle prètriz yo sou (Mat. 17:3–4; Mak 9:4–9; Lik 9:30; D&A 63:21).

Moyiz te parèt devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery nan dat 3 Avril 1836, nan tanp Kirtland nan, Ohio, epi li te konfere kle rasanbleman Izrayèl yo sou yo (D&A 110:11).

Revelasyon nan dènye jou yo pale anpil konsènan Moyiz. Non l mansyone anpil nan Liv Mòmon an, epi nan Doktrin ak Alyans yo nou aprann konsènan ministè l (D&A 84:20–26) epi li te resevwa prètriz la nan men bòpè li Jetwo (D&A 84:6).

Revelasyon nan dènye jou yo konfime istwa biblik ministè li pami pitit Izrayèl yo epi yo konfime li se otè senk liv yo ki kòmanse Ansyen Testaman an (1 Ne. 5:11; Moyiz 1:40–41).

Liv Moyiz la

Yon liv nan Pèl Gran Pri a ki gen tradiksyon enspire Joseph Smith te fè pou sèt premye chapit Jenèz yo.

Chapit 1 rakonte yon vizyon kote Moyiz te wè Bondye, ki te revele l tout plan sali a. Chapit 2–5 se istwa Kreyasyon an ak Chit Adan. Chapit 6–7 gen vizyon konsènan Enòk ak ministè l sou tè a. Chapit 8 gen yon vizyon konsènan Noye ak gran Delij la.

Senk liv Moyiz yo

Senk premye liv yo ki nan Ansyen Testaman an te rele liv Moyiz yo. Plak deren yo Nefi te pran nan men Laban an te gen senk liv Moyiz yo (1 Ne. 5:11).