Èd pou Etid
Pèl Gran Pri


Pèl Gran Pri

Wayòm Bondye sou tè a konpare avèk yon “pèl gran pri” (Mat. 13:45–46).

Pèl Gran Pri a se yon non tou, yo bay youn nan kat volim ekriti ki rele “travay kanonik” Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Premye edisyon Pèl Gran Pri a te pibliye nan 1851 epi li genyen kèk pati ladan l ki nan Doktrin ak Alyans yo kounyeya. Edisyon ki te pibliye depi 1902 yo genyen (1) ekstrè ki soti nan tradiksyon Jenèz Joseph Smith, ki rele liv Moyiz la, epi Matye 24, ki rele Matye—Joseph Smith; (2) Tradiksyon Joseph Smith te fè nan kèk papiris Ejipsyen li te jwenn nan 1835, ki rele liv Abraram nan; (3) Yon ekstrè nan istwa Legliz la Joseph Smith te ekri nan 1838 la, ki te rele Istwa—Joseph Smith; epi (4) Atik Lafwa yo, trèz deklarasyon kwayans ak doktrin.