Èd pou Etid
Matye


Matye

Yon Apot Jezikri epi Otè premye liv nan Nouvo Testaman an. Matye, yon Juif ki te yon kolektè enpo pou Women yo nan Kapènawòm, li te petèt nan sèvis Ewòd Antipas. Anvan konvèsyon l yo te rele l Levi, pitit gason Alfe a (Mak 2:14). Yon ti tan apre apèl pou l te vin tounen disip Jezi a, li te fè yon fèt epi Senyè a te la (Mat. 9:9–13; Mak 2:14–17; Lik 5:27–32). Petèt, Matye te gen yon gran konesans konsènan ekriti Ansyen Testaman yo epi li te kapab wè akonplisman detaye pwofesi yo nan lavi Senyè a. Moun pa t konnen anpil bagay konsènan lavi aje Apot la. Yon tradisyon fè konnen li te mouri matirize.

Levanjil Matye a

Premye liv nan Nouvo Testaman an. Levanjil Matye a te petèt ekri premyèman pou Juif Filisti yo. Li itilize anpil sitasyon nan Ansyen Testaman an. Bi prensipal Matye se pou l te montre Jezi se Mesi pwofèt Ansyen Testaman yo te pale a. Li te fè konnen tou Jezi se Wa ak Jij lèzòm.

Pou yon lis sou evènman nan lavi Sovè a yo dekri nan Levanjil Matye a, gade Amoni levanjil yo nan apendis la.