Èd pou Etid
Jeremi


Jeremi

Yon pwofèt Ansyen Testaman ki te fèt nan yon fanmi prèt epi ki te pwofetize nan Jida depi pou 626 rive nan 586 anvan Jezikri. Li te viv prèske nan menm epòk avèk kèk lòt gran pwofèt: Leyi, Ezekyèl, Oze, ak Danyèl.

Jeremi te resevwa òdinasyon pou l yon pwofèt nan lavi premòtèl la (Jer. 1:4–5). Pandan anviwon karant ane li yo kòm pwofèt li te preche kont idolatri ak imoralite pami pèp Juif la (Jer. 3:1–5; 7:8–10). Li te oblije fè fas avèk opozisyon epi avèk ensil tout tan (Jer. 20:2; 36:18–19; 38:4). Apre chit Jerizalèm lan, Juif ki te sove ale nan Ejip yo te ale avèk Jeremi (Jer. 43:5–6), daprè tradisyon, se la yo te ba l kout wòch jistan l mouri.

Liv Jeremi an

Chapit 1–6 gen pwofesi ki te fèt pandan gouvènman Jozyas la. Chapit 7–20 se pwofesi pandan epòk Jojakim nan. Chapit 21–38 pale konsènan gouvènman Sedesyas. Chapit 39–44 gen pwofesi epi yo dekri evènman istorik ki te rive apre chit Jerizalèm lan. Chapit 45 gen pwomès pou Barik, yon eskrib lavi ke li t ap pwoteje lavi l. Finalman, chapit 46–51 se pwofesi kont nasyon etranje yo. Chapit 52 a se yon konklizyon istorik. Te gen kèk nan pwofesi Jeremi yo nan Plak deren Laban yo, Nefi te pwoteje a (1 Ne. 5:10–13). Non Jeremi te mansyone de lòt fwa nan Liv Mòmon (1 Ne. 7:14; Ela. 8:20).

Liv Jeremi an genyen tou yon rekonesans konsènan ekzistans premòtèl lèzòm ak preòdinasyon Jeremi (Jer. 1:4–5); yon pwofesi konsènan retou Izrayèl ki gen poul soti nan kondisyon dispèsyon yo, rasanbleman yon moun vil ak de moun yon fanmi pou yo ale nan Siyon, yon peyi agreyab kote Izrayèl ak Jida ta kapab rete nan sekirite ak nan lapè (Jer. 3:12–19); epi yon pwofesi kote Senyè a k ap rasanble Izrayèl pou l soti kite peyi nò yo pandan l ap voye anpil “pechè pwason” ak “chasè” al chèchè yo (Jer. 16:14–21). Evenman sa a ki gen pou l rive nan dènye jou yo ap menm pi gran nan kantite pase lè Moyiz te wete Izrayèl nan Ejip la (Jer. 16:13–15; 23:8).