Èd pou Etid
Transfigirasyon


Transfigirasyon

Kondisyon moun ki chanje nan aparans yo ak nati yo tanporèlman—ki vle di, yo leve nan yon nivo espirityèl pi wo—konsa yo kapab sipòte nan prezans ak glwa èt selès.

Transfigirasyon Kris la

Pyè, Jak ak Jan te wè Senyè glorifye a epi transfigire devan yo. Sovè a te pwomèt Pyè t ap resevwa kle wayòm syèl la (Mat. 16:13–19; 17:1–9; Mak 9:2–10; Lik 9:28–36; 2 Pyè 1:16–18). Nan evènman enpòtan sa a, Sovè a, Moyiz, ak Elyas (Eli) te bay Pyè, Jak ak Jan kle prètriz la Senyè a te pwomèt. Avèk kle prètriz sa yo, Apot yo te gen pouvwa pou kontinye travay wayòm nan apre Asansyon Jezi a.

Ansèyman Joseph Smith fè konnen, Pyè, Jak ak Jan te transfigire tou sou Mòn Transfigirasyon an. Yo te fè vizyon tè a jan l pral parèt nan kondisyon glorifye li pral ye a (D&A 63:20–21). Yo te wè Moyiz ak Eli, de èt transfòme, epi yo te tande vwa Papa a. Papa a te di “Se Pitit Gason byenneme m nan, ki fè m plèzi a; koute l” (Mat. 17:5).

Èt transfigire