Èd pou Etid
Ekriti yo


Ekriti yo

Pawòl moun sen Bondye yo ekri oubyen pale lè Sentespri a anime yo. Ekriti kanonik ofisyèl Legliz la kounyeya se Bib la, Liv Mòmon an, Doktrin ak Alyans yo, ak Pèl Gran Pri a. Jezi ak ekriven Nouvo Testaman yo konsidere liv Ansyen Testaman yo kòm ekriti (Mat. 22:29; Jan 5:39; 2 Tim. 3:15; 2 Pyè 1:20–21). Gade Kwonoloji nan apendis la tou.

Ekriti pèdi yo

Gen anpil dokiman sakre ki mansyone nan ekriti yo nou pa genyen jodi a. Pami yo gen liv sa yo ak ekriven sa yo: alyans lan (Egz. 24:7), lagè Senyè a yo (Nonb 21:14), Jachè (Joz. 10:13; 2 Sam. 1:18), ak Salomon yo (1 Wa 11:41), Samyèl vwayan an (1 Kwo. 29:29), Natan, pwofèt la (2 Kwo. 9:29), Chemeja, pwofèt la (2 Kwo. 12:15), Ido, pwofèt la (2 Kwo. 13:22), Jei (2 Kwo. 20:34), pawòl vwayan yo (2 Kwo. 33:19), Enòk (Jid 1:14), epi pawòl Zenòk yo, Neyòm, ak Zenòs (1 Ne. 19:10), Zenòs (Jakòb 5:1), Zenòk ak Ezyas (Ela. 8:20), epi yon liv rapèl (Moyiz 6:5); yon epit pou Korentyen yo (1 Kor. 5:9), pou Efezyen yo (Efe. 3:3), epi pa Lawodise a (Kol. 4:16), epi pa Jid (Jid 1:3).

Ekriti ki dwe prezève

Valè ekriti yo

Pwofesi konsènan ekriti k ap vini