Èd pou Etid
Jou Saba


Jou Saba

Yon jou sen ki rezève chak semèn pou repo ak adorasyon. Apre Bondye te fin kreye tout bagay, Li te repoze L nan setyèm jou a epi Li te kòmande pou gen yon jou a, chak semèn kòm jou repo pou ede moun sonje L (Egz. 20:8–11).

Anvan Rezirèksyon Kris, manm Legliz la te konn obsève dènye jou nan semèn nan kòm Saba, jan Juif yo te fè a. Apre Rezirèksyon an, manm Legliz la, ni Juif yo ni Janti yo te obsève premye jou nan semèn nan (jou Senyè a) pou yo sonje Rezirèksyon Senyè a. Jodi a, Legliz la kontinye obsève yon jou chak semèn kòm yon jou saba sen, nan jou sa a yo adore Bondye epi pou yo repoze apre travay monden yo.

Saba raple moun bezwen yo genyen pou nouriti espirityèl ak devwa yo pou yo obeyi Bondye. Lè yon nasyon neglijan obsève Saba, tout aspè nan lavi yo afekte epi lavi relijye yo vin deprave (Ney. 13:15–18; Jer. 17:21–27).