Èd pou Etid
Jeneyaloji


Jeneyaloji

Yon rejis ki suiv liy desandans nan yon fanmi. Kote ofis prètriz la oubyen kèk benediksyon te resève pou yon fanmi patikilye, jeneyaloji te trè enpòtan nan ekriti yo (Jen. 5; 10; 25; 46; 1 Kwo. 1–9; Esd. 2:61–62; Ney. 7:63–64; Mat. 1:1–17; Lik 3:23–38; 1 Ne. 3:1–4; 5:14–19; Jawòm 1:1–2). Nan Legliz retabli a jodi a, manm Legliz yo kontinye ap chèche liy desandans fanmi yo, youn nan rezon yo, se pou yo kapab byen idantifye zansèt ki te mouri yo epi pou yo kapab akonpli òdonans pou sove pou zansèt sa yo. Òdonans sa yo valab pou moun mouri ki aksepte levanjil Jezikri a nan mond espri a (D&A 127–128).