Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 127


Seksyon 127

Yon lèt Joseph Smith, Pwofèt la te ekri voye bay Sen Dènye Jou yo, nan Nauvoo, llinois, ki gen direksyon konsènan batèm pou mò yo, ki date 1e Septanm 1842.

1–4, Joseph Smith glorifye nan pèsekisyon ak tribilasyon li yo; 5–12, Rejis konsènan batèm pou mò yo dwe konsève.

1 Toutotan Senyè a revele m ènmi m yo, ni nan Missouri ak nan Eta sa a, ap pousuiv mwen ankò san rezon; epi toutotan yo pousuiv mwen san arezon, epi yo pa gen yon ti lonbraj oubyen okenn koulè la jistis oubyen dwa an favè yo pou yo kanpe nan jijman kont mwen; epi toutotan pretansyon yo fonde sou foste devan je ki pi avèg la, m panse se nesesè epi se saj pou m kite zòn nan pou yon ti tan, pou pwoteksyon pa m ak pwoteksyon pèp sa a. M vle di tout moun ki an afè avèk mwen, m kite zafè mwen nan men ajan ak sekretè ki pral ranje tout tranzaksyon nan yon fason rapid ki apwopriye, epi ki pral peye tout dèt san delè, ki pral vann byen, oubyen selon sa sitiyasyon an mande, oubyen jan sikonstans yo admèt pou yo fè. Lè m aprann move tan an fin pase nèt, lè sa a, m ap retounen kote nou ankò.

2 Epi kanta anba aperipesi m aple pou m pase yo, sanble se yon ti bagay tou piti pou mwen, kòm banvi ak kòlè lèzòm te toujou chatiman pa m chak jou nan vi m; epi pou ki kòz sanble se yon mistè, eksepte m te còdone depi anvan fondasyon mond lan pou kèk bon oubyen move objektif, jan nou ta chwazi rele l. Nou jije pou tèt pa nou. Bondye konnen tout bagay, ni bon ni move. Men antouka, m abitye naje nan dlo fon. Tout bagay sa yo vin tou natirèl pou mwen kounyeya; epi m santi m tankou Pòl, pou m glorifye m nan dtribilasyon m yo; paske jouk jodi a menm Bondye zansèt mwen yo toujou delivre m anba yo tout, epi li pral toujou delivre m; paske gade, m ap triyonfe sou tout ènmi m yo, paske Senyè a te di sa.

3 Se poutèt sa, se pou tout sen yo rejwi, epi pou yo kontan anpil; paske aBondye Izrayèl la se Bondye yo, epi l ap mete yon rekonpans ki jis sou tèt tout opresè yo.

4 Epi ankò, an verite, Senyè a di: Se pou travay atanp mwen an, ak tout travay m ba nou yo kontinye epi pou yo pa sispann; epi Senyè tout Lame yo di se pou bdilijans nou, ak pèseverans nou, ak pasyans nou ak zèv nou yo redouble, epi nou p ap pèdi rekonpans nou nan okenn fason. Epi si yo cpèsekite nou, se konsa yo te pèsekite pwofèt yo ak moun ki jis yo ki te vin anvan nou yo. Pou tout bagay sa yo gen rekonpans nan syèl la.

5 Epi ankò, m ba nou yon pawòl ki gen relasyon avèk abatèm pou b yo.

6 An verite, Senyè nou an di nou konsènan mò nou yo: Lè nenpòt pami nou abatize pou mò nou yo, dwe genyen yon bgrefye, epi li dwe sèvi temwen avèk je l pou batèm nou yo; se pou l tande avèk zòrèy li, poul kapab temwaye konsènan verite a;

7 Pou nan tout rapò nou yo sa kapab aanrejistre nan syèl la; pou nenpòt bagay nou blye sou tè a, kapab lye nan syèl la; pou nenpòt bagay nou demare sou tè a, kapab demare nan syèl la;

8 Paske Senyè tout Lame yo di, m pral arestore anpil bagay sou tè a, konsènan bprètriz la.

9 Senyè tout Lame yo di, epi ankò se pou arejis yo nan lòd, pou yo kapab ale nan achiv tanp sen mwen an, pou moun kapab sonje yo depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon.

10 M ap di tout sen yo, m vle, avèk yon gran volonte, pale yo konsènan sijè batèm pou mò yo, nan Saba k ap vini an. Men, toutotan m pa gen pouvwa pou m fè sa, m ap ekri pawòl Senyè yo tanzantan, sou sijè sa a, epi m ap voye l ba nou pa lapòs, ansanm avèk anpil lòt bagay.

11 M fèmen lèt mwen an pou kounyeya, paske m pa gen ase tan; paske, ènmi an kanpe, epi jan Sovè a te di a, aprens mond sa a vini, men, li pa jwenn anyen nan mwen.

12 Gade, priyè m devan Bondye se pou nou tout sove. Epi m konsidere tèt mwen kòm sèvitè nou nan Senyè a, pwofèt ak avwayan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Joseph Smith.