Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 8


Seksyon 8

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Oliver Cowdery, nan Harmony, Pennsylvania, an Avril 1829. Pandan l t ap tradui Liv Mòmon an, Oliver ki te kontinye sèvi kòm grefye, ki t ap ekri lè Pwofèt la dikte l, li te vle resevwa don tradiksyon an. Senyè a te bay revelasyon sa a kòm repons pou siplikasyon li a.

1–5, Revelasyon vini pa mwayen pouvwa Sentespri a; 6–12, Konesans konsènan mistè Bondye yo ak pouvwa pou tradui ansyen rejis vini pa mwayen lafwa.

1 aOliver Cowdery, an verite, an verite, m di ou, asireman, menm jan Senyè a vivan an, ki se Bondye ak Redanmtè w la, se konsa tou, asireman w ap resevwa yon bkonesans konsènan nenpòt bagay ou cmande avèk lafwa, avèk yon kè onèt, si ou kwè w ap resevwa yon konesans konsènan ekriti ansyen drejis yo ki ekri sou papye ansyen tan loutan yo, ki gen pati sa yo nan ekriti m yo m te bay pa emanifestasyon Lespri m nan.

2 Wi, gade, m ap apale ou nan lespri ou ak nan b ou, pa mwayen cSentespri a, ki pral vini sou ou epi ki pral rete nan kè ou.

3 Kounyeya, gade, sa se lespri revelasyon an; gade, sa se lespri Moyiz te itilize pou mennen pitit Izrayèl yo sou tè sèk pa mwayen aLanmè Wouj la.

4 Se poutèt sa, se don ou; aplike l, epi w ap beni, paske li pral delivre ou anba men ènmi ou yo, kote, si se pa t sa, yo t ap touye ou epi yo t ap mennen nanm ou nan destriksyon.

5 O, sonje apawòl sa yo, epi respekte kòmandman m yo. Sonje, se don ou.

6 Se pa tout don ou sa; paske, ou gen yon lòt don, ki se don Aawon an; gade, li te di ou anpil bagay;

7 Gade, pa gen okenn lòt pouvwa, eksepte pouvwa Bondye, ki kapab pimèt don Aawon sa a avèk ou.

8 Se poutèt sa, pa doute, paske se don Bondye; epi ou pral kenbe l nan men ou, epi ou pral fè travay ekstraòdinè; epi pa gen pouvwa ki pral kapab wete l nan men ou, paske se travay Bondye.

9 Epi, gade, nenpòt sa ou mande m pou m di ou nan mwayen sa a, m ap akòde w li, epi w ap gen konesans konsènan l.

10 Sonje, san alafwa, ou pa kapab fè anyen; se poutèt sa, mande avèk lafwa. Pa betize avèk bagay sa yo; pa bmande bagay ou pa dwe mande.

11 Mande pou ou kapab konnen mistè Bondye yo, epi pou ou kapab atradui epi resevwa konesans ki soti nan ansyen rejis sa yo ki te kache a, ki sakre; epi daprè lafwa ou, w ap resevwa l.

12 Gade, se mwen menm ki te di sa; epi m se menm moun ki te pale avèk ou depi nan kòmansman an. Amèn.