Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Fayette, New York, 6 Avril 1830. Li te resevwa revelasyon sa a nan moman òganizasyon Legliz la, nan menm dat la, lakay Peter Whitmer, papa a. Sis gason, ki te deja batize, te patisipe. Avèk yon vòt jeneral, moun sa yo te eksprime volonte yo ak detèminasyon yo pou yo òganize yo, daprè kòmandman Bondye yo (gade nan seksyon 20). Konsa tou yo te vote pou yo aksepte epi pou yo soutni Joseph Smith, pitit la ak Oliver Cowdery kòm ofisye pou prezide sou Legliz la. Apre sa, Joseph te fè enpozisyon men, pou l te òdone Oliver kòm yon ansyen nan Legliz la, epi Oliver te òdone Joseph menm jan an tou. Apre administrasyon sentsèn nan, Joseph ak Oliver te enpoze men sou chak patisipan pou ba yo Sentespri a epi pou konfimasyon yo chak kòm manm Legliz la.