Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 79


Seksyon 79

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Hiram, Ohio, 12 Mas 1832.

1–4, Jared Carter resevwa apèl pou l preche levanjil la pa lantremiz Konsolatè a.

1 An verite, m di nou, se volonte m pou sèvitè m nan, Jared Carter ale ankò nan peyi lès yo, soti yon kote ale nan yon lòt, nan yon vil ale nan yon lòt, avèk pouvwa aòdinasyon m te òdone l la, pou l pwoklame bon nouvèl gran lajwa, levanjil etènèl la menm.

2 Epi m pral voye aKonsolatè a sou li, ki pral ansenye l verite a ak chemen li dwe fè a;

3 Epi toutotan li fidèl, m ap kouwone l avèk anpil zepi.

4 Se poutèt sa, Senyè w la, Jezikri menm di, fè kè ou kontan, sèvitè m nan, Jared Carter, epi pa akrenn. Amèn.