Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 113


Seksyon 113

Repons pou kèk kesyon sou ekriti nan Ezayi yo, Joseph Smith, Pwofèt la, te resevwa, nan Far West, Missouri oubyen tou pre a, an Mas 1838.

1–6, Souch Izayi a, flèch ki soti ladan l nan, ak rasin Izayi a idantifye; 7–10, Rès Siyon an ki te dispèse a gen dwa nan prètriz la epi yo jwenn apèl pou yo retounen vin jwenn Senyè a.

1 Kiyès ki chouk bwa aIzayi a ki pale nan premye, dezyèm, twazyèm, katriyèm, ak senkyèm vèsè ki nan chapit 11 Ezayi a?

2 An verite men sa Senyè a di: se Kris la.

3 Kisa flèch ki mansyone nan premye vèsè 11èm chapit Ezayi a, ki te dwe soti vini nan chouk bwa Izayi a?

4 Gade, men sa Senyè a di: se yon sèvitè nan men Kris la, ki se yon pati desandan Izayi ak desandan aEfrayim tou, oubyen desandan kay Josèf la tou, epi gen anpil bpouvwa sou li.

5 Kisa rasin Izayi a ki mansyone nan 10èm vèsè chapit 11 la ye?

6 Gade, Senyè a di, se yon desandan Izayi, ak yon desandan Josèf tou, ki gen dwa nan prètriz la, ak akle wayòm nan, kòm yon bbanyè, epi pou crasanbleman pèp mwen an nan dènye jou yo.

7 Kesyon Elias Higbee poze: Kisa kòmandman ki nan Ezayi chapit 52, vèsè 1 an vle di, ki di konsa: Mete fòs ou sou ou, O Siyon—Epi a ki pèp Ezayi te fè referans?

8 Li te fè referans ak moun Bondye ta pral aple nan dènye jou yo, ki ta pral genyen pouvwa prètriz la pou mennen aSiyon tounen, ak redanmsyon Izrayèl; epi pou ranmase bfòs li vle di pou pote otorite prètriz la sou li, cdwa sa a, Siyon, genyen akoz ras li; epi tou pou l rekipere nan pouvwa sa a li te pèdi a.

9 Kisa nou dwe konprann konsènan Siyon demare tèt li anba kòd ki nan kou l la; 2èm vèsè?

10 Nou dwe konprann arès ki te dispèse a resevwa egzòtasyon pou yo bretounen soti kote yo te tonbe a vin jwenn Senyè a; si yo fè sa, pwomès Senyè a se pou l pale avèk, oubyen pou l ba yo revelasyon. Gade nan 6èm, 7èm, ak 8èm vèsè yo. Kòd ki nan kou l yo se malediksyon Bondye ki sou li, oubyen sou rès Izrayèl la nan sitiyasyon dispèse yo a pami Janti yo.