Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 71


Seksyon 71

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la ak Sidney Rigdon te resevwa, nan Hiram, Ohio, 1e Desanm 1831. Pwofèt la te kontinye tradui Bib la avèk Sidney Rigdon kòm grefye l jistan yo te resevwa revelasyon sa a, epi nan moman sa a yo te mete l sou kote tanporèman pou yo te kapab akonpli enstriksyon ki te ladan l yo. Frè yo te resevwa kòmandman pou yo ale preche pou yo kapab diminye santiman negatif ki te devlope kont Legliz la kòm rezilta piblikasyon kèk lèt Ezra Booth, yon aposta, te ekri.

1–4, Senyè a voye Joseph Smith ak Sidney Rigdon pwoklame levanjil la; 5–11, ènmi Sen yo pral tonbe nan konfizyon.

1 Senyè Bondye a di noumenm sèvitè m yo, Joseph Smith, pitit la, ak aSidney Rigdon konsa, gade, lè a rive an verite epi li nesesè pou nou louvri bouch nou pou nou bpwoklame levanjil mwen an, bagay wayòm nan, pou nou eksplike cmistè wayòm nan ki nan ekriti yo, daprè pòsyon ak pouvwa Lespri a nou resevwa, jan m vle.

2 An verite, m di nou, pwoklame devan mond lan nan rejyon alantou yo, epi nan legliz la tou, pou yon sezon, jistan m fè nou konnen.

3 An verite se misyon m ba nou pou yon epòk.

4 Se poutèt sa, travay nan jaden m nan, rele abitan yo ki sou tè a, rann temwayaj, epi pare chemen an pou kòmandman ak revelasyon ki pral vini yo.

5 Kounyeya, gade, men lasajès; nenpòt moun ki li, kite l akonprann epi bresevwa tou.

6 Paske yon moun ki resevwa, m ap ba li pouvwa plis an aabondans.

7 Se poutèt sa akonfonn ènmi nou yo; rele yo pou yo brankontre nou an piblik, an prive; epi toutotan nou fidèl, y ap wont piblikman.

8 Se poutèt sa, kite yo pote gwo rezònman yo kont Senyè a.

9 Senyè a di nou, an verite—pa gen okenn azam ki fòme kont nou k ap pwospere;

10 Si nenpòt moun leve vwa l kont nou, l ap tonbe nan konfizyon lè tan pa m rive.

11 Se poutèt sa, respekte kòmandman m yo; yo vrè epi yo fidèl. Amèn.