Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 34


Seksyon 34

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Orson Pratt, nan Fayette, New York, 4 Novanm 1830. Frè Pratt te gen diznevan lè sa a. Li te konvèti epi l te batize lè l te tande gran frè l la, Parley P. Pratt preche levanjil retabli a pou lapremyè fwa, sis semèn anvan sa. Yo te resevwa revelasyon sa a lakay Peter Whitmer, papa a.

1–4, Moun ki gen lafwa yo vin tounen pitit Bondye pa mwayen Ekspyasyon an; 5–9, Predikasyon levanjil la prepare chemen an pou Dezyèm Vini; 10–12, Pwofesi vini pa mwayen pouvwa Sentespri a.

1 Pitit gason m nan, aOrson, koute epi tande, epi fè atansyon ak sa, mwen menm, Senyè Bondye w la, m pral di ou, mwen menm Jezikri, Redanmtè ou la;

2 aLimyè ak lavi mond lan, yon limyè ki klere nan fènwa epi fènwa a pa konprann li;

3 Ki te tèlman arenmen mond lan, bli te cbay vi pa li, pou tout moun ki kwè kapab vin tounen dpitit Bondye. Se poutèt sa ou se pitit gason m.

4 Epi ou abeni paske ou te kwè;

5 Epi ou beni plis, paske ou resevwa aapèl pou ou preche levanjil mwen an—

6 Pou ou leve vwa ou tankou son yon twonpèt, pandan lontan epi byen fò, epi pou ou akriye repantans devan yon jenerasyon kwochi epi pèvès, pou ou prepare chemen Senyè a pou bDezyèm Vini l la.

7 Paske gade, an verite, an verite, m di ou, atan an pral rive talèkonsa pou m vini nan yon bnyaj avèk pouvwa epi avèk gwo laglwa.

8 Epi se pral yon agran jou nan moman aparisyon m nan, paske tout nasyon pral btranble.

9 Men anvan gran jou sa a vini, solèy la pral fènwa, epi lalin nan pral tounen san; epi zetwal yo pral refize limyè yo, epi kèk ladan yo pral tonbe, epi gran destriksyon yo ap rete tann mechan yo.

10 Se poutèt sa, leve vwa ou epi pa aranka kò ou paske Senyè Bondye a te pale; se poutèt sa, pwofetize, epi se pa mwayen bpouvwa Sentespri a l ap resevwa li.

11 Epi si ou fidèl, gade, m avèk ou jistan m vini—

12 Epi an verite, an verite, m di ou, m ap vini rapid. M se Senyè a w la ak Redanmtè w la. Se sa menm. Amèn.