Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 93


Seksyon 93

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, 6 Me 1833.

1–5, Tout moun ki fidèl pral wè Senyè a; 6–18, Jan te rann temwayaj pou fè konnen Pitit Gason Bondye a te mache lagras sou lagras jistan Li te resevwa laglwa Papa a toutantye; 19–20, Moun fidèl ki mache lagras sou lagras, pral resevwa L tou toutantye; 21–22, Moun ki fèt pa lantremiz Kris la yo se Legliz Premyene a; 23–28, Kris la te resevwa yon totalite verite toutantye, epi lòm kapab fè menm jan an tou avèk obeyisans; 29–32, Lòm te nan kòmansman an avèk Bondye; 33–35, Eleman yo etènèl, epi lòm kapab resevwa yon totalite lajwa toutantye nan Rezirèksyon an; 36–37, Laglwa Bondye se entèlijans; 38–40, Timoun yo inosan devan Bondye poutèt redanmsyon Kris la; 41–53, Frè k ap dirije yo resevwa kòmandman pou yo tabli fanmi yo nan lòd.

1 An verite, Senyè a di: se pral konsa tout nanm ki aabandone peche yo epi ki vin jwenn mwen, epi ki brele non mwen, epi ki cobeyi vwa mwen, epi ki respekte kòmandman m yo, ap d efas mwen epi l ap konnen m egziste;

2 Epi m se vrè alimyè a ki klere chak moun ki vini nan mond lan;

3 Epi m anan Papa a, epi Papa a nan mwen, epi Papa a ak mwen nou se youn—

4 Papa a apaske li te bban mwen li toutantye, epi Pitit Gason an paske m te nan mond lan epi m te fè tabènak mwen avèk cchè, epi m te rete pami pitit lèzòm.

5 M te nan mond lan epi m te resevwa nan men Papa m, epi atravay li te manifeste anpil.

6 Epi aJan te wè epi l rann temwayaj konsènan blaglwa toutantye mwen an, epi totalite rejis cJan an pral revele toutantye apre.

7 Epi l te rann temwayaj, li di: M te wè laglwa l, li te nan akòmansman an, anvan mond la te egziste;

8 Se poutèt sa, aPawòl la te la nan kòmansman, paske li te Pawòl la, mesaje sali a menm—

9 aLimyè ak bRedanmtè mond lan; Lespri verite a, ki te vini nan mond lan, paske se li ki te fè mond lan, epi lavi lèzòm ak limyè lèzòm te nan li.

10 Se li ki te akreye mond yo; se li ki te kreye lèzòm; se li ki te kreye tout bagay, epi pa lantremiz li, epi avèk li.

11 Epi mwen menm Jan, m rann temwayaj pou fè konnen m te wè laglwa li, kòm laglwa Sèl Pitit Literal Papa a, ki plen lagras ak verite, Espri verite a memm ki te vini epi ki rete nan lachè, epi ki te rete pami nou.

12 Epi mwen menm Jan, m te wè li pa t resevwa atoutnèt nan kòmansman, men, li te resevwa blagras sou lagras;

13 Epi li pat resevwa toutnèt nan kòmansman, men, li te kontinye pran alagras sou lagras, jistan l te resevwa toutnèt;

14 Epi konsa li te rele aPitit Gason Bondye a, paske li pa t resevwa toutnèt nan kòmansman.

15 Epi mwen menm aJan, m rann temwayaj, syèl la te louvri, epi bSentespri a te desann sou li sou fòm yon cpijon, epi l te repoze sou li, epi yon vwa te soti nan syèl la ki di: Se dPitit Gason byenneme m nan.

16 Epi mwen menm Jan, m rann temwayaj li te resevwa laglwa Papa a toutantye;

17 Epi l te resevwa atout bpouvwa, ni nan syèl la ak sou tè a, epi laglwa cPapa a te avèk li, paske l te rete avèk li.

18 Epi se pral konsa, si ou fidèl, w ap resevwa totalite rejis Jan an toutantye.

19 M ba ou pawòl sa yo pou ou kapab konprann epi pou ou kapab konnen kòman pou ou aadore, epi pou ou konnen kisa w ap adore, pou ou kapab vin jwenn Papa a nan non mwen, epi lè tan an rive, pou nou resevwa tout bagay.

20 Paske si ou respekte akòmandman m yo, w ap resevwa btotalite l, epi w ap cglorifye nan mwen jan m glorifye nan Papa a; se poutèt sa, m di ou, ou pral resevwa dlagras apre lagras.

21 Epi kounyeya, an verite m di ou, m te nan akòmansman avèk Papa a, epi m se bPremyene a;

22 Epi tout moun ki fèt pa mwayen mwen pral apataje nan sa ki vle di blaglwa a, epi yo se legliz Premyene a.

23 Ou te nan kòmansman an tou aavèk Papa a; ki se Lespri, sa vle di Lespri verite a;

24 Epi averite se bkonesans bagay jan yo ye, epi jan yo te ye, ak jan yo pral vin ye;

25 Epi nenpòt bagay ki mwens oubyen ki aplis pase sa se lespri mechan sa a ki te yon bmantè depi nan kòmansman.

26 Lespri averite a se pou Bondye. M se Lespri verite a, epi Jan te rann temwayaj konsènan mwen, ki di: Li te resevwa verite a toutantye, wi, menm tout verite;

27 Epi pèsonn pa resevwa atoutnèt san li pa respekte kòmandman l yo.

28 Yon moun ki arespekte kòmandman l yo li resevwa verite ak blimyè, jistan l glorifye nan verite epi l ckonnen tout bagay.

29 Lòm te nan akòmansman tou avèk Bondye. bEntèlijans oubyen limyè verite a, pa t kreye oubyen fèt, ni tou sa pa t gade kapab fèt.

30 Tout verite endepandan nan antouray kote Bondye te plase l la, pou l aaji pou tèt pa l, tankou tout entèlijans kapab fè; san sa pa gen egzistans.

31 Gade, men alib abit lòm, epi men kondanasyon lòm; paske sa ki te nan kòmansman manifeste byen bklè devan yo, epi yo pa resevwa limyè a.

32 Epi tout moun lespri l pa resevwa alimyè a, li sou kondanasyon.

33 Paske lòm se alespri. bEleman yo etènèl, epi lespri ak eleman ki konekte san separasyon, resevwa yon lajwa toutantye;

34 Epi lè yo asepare, lòm pa kapab resevwa yon blajwa toutantye.

35 aEleman yo se tabènak Bondye; wi, lòm se tabènak Bondye, yo se tanp menm; epi nenpòt btanp ki sal, Bondye ap detwi tanp sa a.

36 aLaglwa Bondye se bentèlijans, oubyen otreman di, climyè ak verite.

37 Limyè ak verite abandone amalen an.

38 Chak lespri lòm te ainosan nan kòmansman; epi paske Bondye te brachte lòm anba cchit Adan an, lòm te vin tounen nan eta anfans yo ankò, dinosan devan Bondye.

39 Epi mechan sa a te vin apran limyè ak verite a, pa mwayen dezobeyisans, nan men pitit lèzòm, epi akoz btradisyon papa yo.

40 Men m kòmande w pou ou aleve pitit ou yo nan limyè ak verite.

41 Men an verite m di w, sèvitè m nan Frederick G. Williams, ou kontinye sou kondanasyon sa a;

42 Ou pa aanseye pitit ou yo limyè ak verite, daprè kòmandman an; epi mechan sa gen pouvwa, toujou, sou ou, epi se kòz afliksyon ou la.

43 Epi kounyeya m ba ou yon kòmandman—si w delivre, ou dwe mete pwòp kay pa w nan alòd, paske gen anpil bagay ki pa nan lòd lakay pa w.

44 An verite, m di sèvitè m nan Sidney Rigdon, nan kèk bagay li pa respekte kòmandman yo konsènan pitit li yo; se poutèt sa, mete kay ou nan lòd premyèman.

45 An verite, m di sèvitè m nan Joseph Smith, pitit la, oubyen otreman di, m ap rele ou azanmi, paske ou se zanmi m, epi ou pral gen yon eritaj avèk mwen—

46 M te rele ou asèvitè pou byen mond lan, epi ou se sèvitè yo pou byen mwen—

47 Epi kounyeya, an verite m di ou Joseph Smith, pitit la—ou pa respekte kòmandman yo, epi ou merite arepwòch devan Senyè a;

48 aFanmi ou dwe repanti epi yo dwe abandone kèk bagay, epi yo dwe bay pawòl ou yo plis atansyon onèt, oubyen pou wete yo nan plas yo ye a.

49 Sa m di yon moun, m di tout moun ni; apriye tout tan pou mechan an pa gen pouvwa sou ou, epi pou l pa wete ou nan plas ou a.

50 Sèvitè m nan Newel K. Whitney tou, yon evèk nan legliz mwen an, merite pou m chatye l, epi mete fanmi l nan lòd, pou fè yo vin pi dilijan ak pi sousye lakay yo, pou yo priye tout tan, san sa m ap wete yo nan aplas yo a.

51 Kounyeya, m di nou, zanmi m yo, se pou sèvitè m nan Sidney Rigdon ale nan vwayaj li a, pou l prese, epi pou l pwoklame lane aakseptab Senyè a, ak levanjil sali a, jan m pral ba li enspirasyon; epi avèk priyè ou ki fèt ak lafwa, avèk yon sèl konsantman, m ap leve l.

52 Epi se pou sèvitè m nan Joseph Smith, pitit la, ak Frederick G. Williams prese tou, epi y ap resevwa daprè priyè yo fè avèk lafwa; epi toutotan nou kenbe pawòl mwen yo nou p ap nan konfizyon nan mond sa a, ni nan mond k ap vini an.

53 Epi, an verite m di ou konsa, se volonte m pou ou prese atradui ekriti m yo, epi pou ou bjwenn yon ckonesans nan istwa, ak peyi, ak wayòm, ak lalwa Bondye ak lòm, epi tout sa se pou sali Siyon. Amèn.