Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 43


Seksyon 43

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, an Fevriye 1831. Nan epòk sa a kèk moun te twouble kèk manm legliz avèk fo pretansyon yo kòm revelatè. Pwofèt la te mande Senyè a epi l te resevwa kominikasyon sa a pou ansyen yo nan Legliz la. Premye pati a pale sou regleman Legliz la; dezyèm pati a gen avètisman ansyen yo dwe bay tout nasyon sou tè a.

1–7, Revelasyon ak kòmandman yo vini sèlman pa lantremiz moun ki lonmen an; 8–14, Sen yo sanktifye lè yo aji avèk tout sentete devan Senyè a; 15–22, Yo voye ansyen yo pou yo kriye repantans epi pou yo prepare lèzòm pou gran jou Senyè a; 23–28, Senyè a rele lèzòm avèk pwòp vwa pa Li epi atravè fòs nati a; 29–35, Milenyòm nan pral rive epi Satan pral mare.

1 O, koute, noumenm ansyen yo ki nan legliz mwen an, epi fè atansyon ak pawòl m pral di nou yo.

2 Paske gade, an verite, an verite, m di nou, nou resevwa yon kòmandman daprè alalwa ki nan legliz mwen an, moun m te lonmen pami nou pou nou resevwa bkòmandman ak revelasyon yo nan men m nan.

3 Epi nou dwe konnen sa avèk asirans—pa gen okenn lòt moun ki lonmen pou nou resevwa kòmandman ak revelasyon yo jistan li sispann, si l arete nan mwen.

4 Men an verite, an verite, m di nou, aokenn lòt moun p ap lonmen pou don sa a san se pa pa lantremiz limenm; paske si don sa a soti nan men l, li p ap gen pouvwa eksepte pou l lonmen yon lòt moun nan plas li.

5 Epi, sa pral yon lalwa pou nou, pou nou pa resevwa ansèyman nan men okenn moun ki vini devan nou kòm revelasyon yo oubyen kòmandman yo;

6 Epi m ba nou bagay sa a pou yo pa atwonpe nou, pou nou konnen yo pa soti kote m.

7 Paske an verite, m di nou, moun mwen aòdone a ap vini nan bpòt la epi l ap òdone jan m te di nou anvan an, pou ansenye revelasyon nou te resevwa yo epi sa nou pral resevwa pa lantremiz moun m te lonmen an.

8 Epi kounyeya, gade, m ap ba nou yon kòmandman, pou lè nou rasanble ansanm, nou dwe aenstwi epi edifye youn lòt pou nou kapab konnen kòman pou nou aji nan legliz la, kòman pou aji sou pwen lalwa mwen an ak kòmandman m yo, m te bay la.

9 Epi konsa, n ap vin enstwi nan lalwa legliz mwen an, epi bagay nou resevwa a ap asanktifye nou, epi n ap mete tèt nou nan obligasyon pou nou aji nan tout sentete devan mwen—

10 Pou toutotan nou fè sa, pou glwa kapab aajoute sou wayòm nou te resevwa a. Toutotan nou pa fè sa, y ap bpran l, menm sa nou te resevwa a.

11 Prije ainikite ki pami nou an soti sou nou; sanktifye tèt nou devan m;

12 Si nou vle laglwa wayòm nan, lonmen sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, alatèt nou epi asoutni l devan m avèk priyè nou ki fèt avèk lafwa.

13 Epi ankò, m di nou, si nou vle amistè yo ki nan wayòm nan, ba li manje ak rad, ak nenpòt sa l bezwen pou l akonpli travay m te kòmande l fè a;

14 Epi si nou pa fè sa, l ap rete pou moun ki resevwa l yo, pou m kapab prezève yon jenerasyon api devan mwen.

15 M di ankò, koute, ou menm ansyen yo ki nan legliz la, m te lonmen yo: M pa voye nou pou moun ansenye nou, men, pou nou aansenye pitit lèzòm yo bagay m te mete nan men nou yo avèk pouvwa bLespri m nan;

16 Epi aansèyman nou dwe soti anwo. bSanktifye tèt nou epi n ap cdote avèk pouvwa, pou nou kapab bay menm jan m pale a.

17 Koute, paske gade agran bjou Senyè a ap pwoche.

18 Paske jou a ap vini pou Senyè a soti avwa li anlè nan syèl la; syèl yo pral bsouke epi tè a pral ctranble, epi dtwonpèt Bondye a pral sonnen lontan epi byen fò, epi li pral di nasyon yo k ap dòmi an: Noumenm sen yo eleve epi viv; noumenm pechè yo frete epi gdòmi jistan m rele ankò.

19 Se poutèt sa, mare senti nou pou yo pa jwenn nou pami mechan yo.

20 Leve vwa nou epi pa sispann. Rele nasyon yo pou yo repanti, granmoun tankou timoun, esklav tankou moun lib, di yo: Prepare tèt nou pou gran jou Senyè a;

21 Paske si mwen menm, ki se yon moun, m leve vwa m epi m rele nou pou nou repanti, epi nou rayi m, kisa n ap di lè jou a rive pou aloray yo soti vwa yo nan tout kwen tè a, pou yo pale nan zòrèy tout moun ki vivan, pou yo di—Repanti, epi prepare pou gran jou Senyè a?

22 Wi, epi ankò, lè zeklè yo gaye soti nan lès pou ale nan lwès, epi yo leve vwa yo devan tout vivan, epi yo fè zòrèy tout sa k ap tande yo konnen, pou di—Repanti, paske gran jou Senyè a ap vini?

23 Epi ankò, Senyè a pral soti vwa l nan syèl la pou l di: Koute, O, noumenm nasyon yo ki sou tè a, epi tande pawòl Bondye ki te fè nou an.

24 O, noumenm nasyon yo ki sou tè a, konbyen fwa pou m ta rasanble nou ansanm tankou yon amanman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li, men, nou bpa vle!

25 Konbyen fwa m arele nou avèk vwa bsèvitè m yo, epi avèk cministè zanj yo, epi avèk pwòp vwa pa m, epi avèk vwa loray, epi avèk vwa zeklè, epi avèk vwa tanpèt, epi avèk vwa tranbleman tè, ak pakèt lagrèl, epi avèk vwa dfamin, ak tout kalite lapès, ak gwo son twonpèt, ak vwa jijman, ak vwa emizèrikòd tout jounen, ak vwa laglwa ak onè ak richès lavi etènèl, epi pou m ta sove nou avèk yon lavi fetènèl, men, nou pa vle!

26 Gade, jou a rive, tas kòlè endiyasyon m nan chaje.

27 Gade, an verite m di nou, sa yo se pawòl Senyè Bondye nou an.

28 Se poutèt sa, travay, atravay nan jaden m nan pou yon dènye fwa—pou yon dènye fwa, rele abitan yo ki sou tè a.

29 Paske, nan tan pa mwen, m ap avini sou tè a nan jijman, epi pèp mwen an ap rachte epi yo pral gouvènen avèk mwen sou tè a.

30 Paske, gran aMilenyòm m te pale avèk bouch sèvitè m yo pral vini.

31 Paske, aSatan pral bmare, epi lè l demare ankò, l ap gouvènen pou yon cti tan, epi apre sa dfinisman tè a ap vini.

32 Epi yon moun k ap viv nan alajistis ap bchanje nan yon koudèy, epi tè ap pase kòm si se avèk dife.

33 Epi mechan yo prale nan adife ki pa kapab etenn, epi pa gen pèsonn sou tè a ki konnen finisman yo, ni tou yo p ap janm konnen l, jistan yo vini devan m nan bjijman.

34 Koute pawòl sa yo. Gade, m se Jezikri, aSovè mond lan. bKonsève bagay sa yo nan kè nou, epi kite cgwo bagay letènite yo drepoze nan epanse nou.

35 Rete tèt apoze. Respekte tout kòmandman m yo. Se konsa sa ye. Amèn.