Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 39


Seksyon 39

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou James Covel, nan Fayette, New York, 5 Janvye 1831. James Covel ki te yon pastè Metodis pandan karantan, li te fè alyans avèk Senyè a pou l obeyi nenpòt kòmandman Senyè a ta ba li pa lantremiz Joseph, Pwofèt la.

1–4, Sen yo gen pouvwa pou yo vin tounen pitit Bondye; 5–6, Lè moun resevwa levanjil la, yo resevwa Kris la; 7–14, James Covel resevwa kòmandman pou l batize epi pou l travay nan jaden Senyè a; 15–21, Sèvitè Senyè a yo dwe preche levanjil la anvan dezyèm aparisyon an; 22–24, Moun ki resevwa levanjil la, yo pral rasanble nan tan sa a epi nan letènite.

1 Koute epi tande vwa moun ki la depi nan aletènite jouk nan letènite a, Gran bMwen Menm nan, Jezikri—

2 aLimyè a ak lavi mond lan, yon limyè ki klere nan tenèb yo epi tenèb yo pa konprann li;

3 Se mwen menm ki te vini nan amidi tan an kote moun pa m yo, epi moun pa m yo pa t resevwa m;

4 Men, tout moun ki te resevwa m, m ap ba yo pouvwa pou yo vin tounen apitit mwen; se menm jan an tou m ap bay tout moun ki resevwa m, pouvwa pou yo vin tounen pitit mwen.

5 Epi anverite, anverite, m di non, yon moun ki resevwa levanjil mwen an, li aresevwa m; epi yon moun ki pa resevwa levanjil mwen an, li pa resevwa m.

6 Epi se alevanjil mwen an sa—repantans ak batèm nan dlo, apre sa bbatèm Sentespri a ak batèm dife a ap vini, Konsolatè a menm, ki montre tout bagay, epi ki cansenye bagay pezib wayòm nan.

7 Epi kounyeya, gade, m di w, sèvitè m nan, aJames, m te gade travay ou a epi m konnen ou.

8 Epi anverite m di w, kè w dwat devan m kounyeya; epi gade m te vide gwo benediksyon sou tèt ou;

9 Men, ou te wè gwo tristès, paske w te rejte m plizyè fwa poutèt lògèy ak zafè amond lan.

10 Men, gade, jou delivrans ou yo rive, si w koute vwa m, ki di: Leve epi abatize, epi lave peche w yo nan non mwen, epi w ap resevwa Lespri m ak yon benediksyon ki pi gwo pase sa ou pat janm konnen.

11 Epi si w fè sa, m te prepare w pou yon pi gwo travay. Ou va preche plenitid levanjil mwen an, m te voye nan dènye jou sa yo, alyans m te voye pou arefè pèp mwen an, ki fè pati nan kay Izrayèl la.

12 Epi, se pral konsa pouvwa pral arete sou ou; ou pral gen anpil lafwa epi m ap avèk ou epi m prale devan fas ou.

13 Ou resevwa apèl pou w atravay nan jaden m nan, epi pou w bati legliz mwen an, epi pou w bedifye Siyon, pou l kapab rejwi sou kolin yo epi pou l cgrandi.

14 Gade, anverite, anverite, m di w, w pa resevwa apèl pou w ale nan peyi lès yo, men, ou resevwa apèl pou w ale nan Ohio.

15 Epi toutotan pèp mwen an rasanble nan Ohio, m te kenbe yon kalite abenediksyon pitit lèzòm yo pa t janm konnen, epi m pral vide l sou tèt yo. Epi se kote sa a lèzòm pral soti pou ale nan btout cnasyon yo.

16 Gade, anverite, anverite, m di w, pèp ki nan Ohio a rele m avèk anpil lafwa, yo panse m ap wete men mwen nan jijman sou nasyon yo, men, m pa kapab nye pawòl mwen.

17 Se poutèt sa, kòmanse travay, epi rele travayè fidèl yo nan jaden m nan pou l kapab anetwaye pou yon dènye fwa.

18 Toutotan yo repanti epi yo resevwa plenitid levanjil mwen an, epi yo vin sanktifye, m ap wete men mwen nan ajijman an.

19 Se poutèt sa, ale, kriye avèk yon vwa fò, pou di: Wayòm syèl la ap pwoche; kriye: Ozana! Beniswa non Bondye Ki Pi Wo a.

20 Ale, batize moun avèk dlo, prepare chemen an devan fas mwen pou lè aaparisyon m nan;

21 Paske lè a ap pwoche; pèsonn pa akonnen bjou a oubyen lè a; men, l ap vini kanmèm.

22 Epi moun ki resevwa bagay sa yo, li resevwa m; epi y ap rasanble yo pou mwen kounyeya epi pou letènite.

23 Epi ankò, se pral konsa, tout moun ou va batize avèk dlo, ou va enpoze amen ou sou yo, epi yo va resevwa bdon Sentespri a, epi yo va cespere siy daparisyon m yo epi yo va konnen mwen.

24 Gade, m ap vini rapid rapid. Se sa menm. Amèn.