Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 80


Seksyon 80

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Stephen Burnett nan Hiram, Ohio, 7 Mas 1832.

1–5, Stephen Burnett ak Eden Smith aple pou yo preche nenpòt kote yo chwazi.

1 An verite, Senyè a di nou, sèvitè m nan, Stephen Burnett: Ale, ale nan mond lan epi apreche levanjil la pou chak kreyati ki vini anba son vwa ou.

2 Epi toutotan ou vle yon konpayon, m ap ba ou sèvitè m nan, Eden Smith.

3 Se poutèt sa, ale epi preche levanjil mwen an, menm si se nan nò oubyen nan sid, nan lès oubyen nan lwès, sa pa fè diferans, paske nou pa kapab pèdi.

4 Se poutèt sa, deklare bagay nou te tande yo, epi an verite kwè, epi akonnen yo se verite.

5 Gade, se volonte moun ki te aaple nou an, Redanmtè nou an, Jezikri menm. Amèn.