Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 2


Seksyon 2

Yon ekstrè ki soti nan istwa Joseph Smith ki gen rapò avèk pawòl zanj Mowoni te di Pwofèt Joseph Smith yo, pandan l te nan ti kay pay Smith yo nan Palmyra, New York, nan aswè 21 Septanm 1823 a. Mowoni te dènye nan pami yon bann istoryen ki te fè rejis ki devan mond lan jodi a sou fòm Liv Mòmon an. (Konpare Malachi 4:5–6; epi seksyon 27:9; 110:13–16; ak 128:18.)

1, Eli gen pou l revele prètriz la; 2–3, Pwomès papa yo plante nan kè pitit yo.

1 Gade, m ap revele prètriz la ba nou, anba men Eli, pwofèt la, anvan gwo jou terib Senyè a rive.

2 E li pral plante pwomès papa yo te resevwa yo nan kè pitit yo, e kè pitit yo pral vire sou papa yo.

3 Si se pa t sa, tout tè a t ap gaspiye nèt lè li vini.