Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 133


Seksyon 133

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Hiram, Ohio, 3 Novanm 1831. Kòm prefas pou revelasyon sa a, Istwa Joseph Smith la deklare: “Nan epòk sa a te gen anpil bagay Ansyen yo ki nan Legliz la te vle konnen konsènan preche levanjil la devan abitan yo ki sou tè a, epi konsènan rasanbleman an; epi pou yo kapab mache bò kote vrè limyè a, epi pou yo resevwa enstriksyon anlè a, nan twa Novanm 1831, m te mande Senyè a epi m te resevwa revelasyon enpòtan sa a.” Seksyon sa a te ajoute nan liv Doktrin ak Alyans yo kòm yon adisyon epi yo te ba li nimewo yon seksyon annapre.

1–6, Sen yo resevwa kòmandman pou yo prepare Dezyèm vini an; 7–16, Tout moun resevwa kòmandman pou yo kouri kite Babilòn, vini nan Siyon, epi pou yo prepare pou gran jou Senyè a a; 17–35, Li pral kanpe sou mòn Siyon an, kontinan yo pral vin tounen yon sèl tè, epi tribi Izrayèl ki te pèdi yo pral retounen; 36–40, Levanjil la te retabli pa lantremiz Joseph Smith pou yo preche l nan tout mond lan; 41–51, Senyè a pral desann nan vanjans sou mechan yo; 52–56, Se pral ane moun Li rachte yo; 57–74, Yo dwe voye levanjil la pou sove Sen yo epi pou destriksyon mechan yo.

1 Senyè Bondye nou an di, O, pèp legliz mwen an, koute epi tande pawòl Senyè a konsènan nou—

2 Senyè a ki pral avini nan tanp li a sanzatann nan; Senyè a ki pral desann sou mond lan avèk yon malediksyon pou bjijman an; wi, sou tout nasyon ki bliye Bondye yo, epi sou tout ate ki pami nou yo.

3 Paske li pral aleve ponyèt li devan je tout nasyon yo, epi tout kwen tè a pral wè bsali Bondye yo a.

4 Se sa ki fè, pare nou, pare nou, O pèp mwen an; sanktifye tèt nou; rasanble ansanm, O noumenm pèp legliz mwen an, sou tè Siyon an, tout moun ki pa t resevwa kòmandman pou yo rete.

5 Wete kò nou nan aBabilòn. nou dwe bpwòp, noumenm ki pote vesèl Senyè a.

6 Konvoke asanble solanèl nou yo, epi apale souvan youn avèk lòt. Epi se pou chak moun rele non Senyè a.

7 Wi, an verite m di nou ankò, lè a rive pou vwa Senyè a vini sou nou: soti nan Babilòn; arasanble kò nou soti pami nasyon yo, soti nan bkat van yo, soti nan yon kwen syèl la ale nan yon lòt.

8 aVoye ansyen yo ki nan legliz mwen an ale nan nasyon ki lwen yo; nan bzile yo ki sou lanmè a; voye yo nan tout nasyon yo, premyèman cJanti yo, apre sa dJuif yo.

9 Epi gade, se pral son vwa pa yo, epi men vwa Senyè a pou tout moun: Ale nan peyi Siyon an, pou fwontyè pèp mwen an kapab laji, pou apye li yo ranfòse, pou bSiyon kapab ale nan rejyon alantou yo.

10 Wi, se pou son an ale pami tout pèp: Reveye epi leve epi ale rankontre aMesye marye a; gade, Mesye marye a ap vini; ale rankontre l. Pare nou pou bgran jou Senyè a.

11 Se poutèt sa, aveye, paske nou pa bkonnen ni jou a ni lè a.

12 Se pou moun ki apami Janti yo kouri ale nan bSiyon.

13 Epi se pou moun aJida yo kouri ale nan bJerizalèm, sou cmòn dkay Senyè a.

14 Soti pami nasyon yo, sa vle di nan Babilòn, nan mitan mechanste, ki se Babilòn espirityèl la.

15 Men an verite, Senyè a di konsa, pa kouri twò avit, men, se pou tout bagay pare devan nou; epi yon moun ki prale, li pa dwe bgade dèyè pou yon destriksyon sanzatann pa tonbe sou li.

16 Koute epi tande, O noumenm abitan yo ki sou tè a. aKoute, noumenm ansyen yo ki nan legliz mwen an ansanm, epi tande vwa Senyè a; paske l ap rele tout moun, epi li kòmande tout moun tout kote pou yo brepanti.

17 Paske gade, Senyè Bondye a avoye zanj li a k ap rele nan mitan syèl la, k ap di: Pare chemen Senyè a, epi fè chemen li a bdwat, paske lè cvini li a ap pwoche—

18 Lè Ti aMouton an pral kanpe sou bMòn Siyon, epi avèk li pral gen csan karann kat mil, ki gen non Papa li ekri sou fontèn tèt yo.

19 Se sa ki fè, prepare nou pou avini n bMesye marye a; ale, ale pou nou rankontre l.

20 Paske gade, li pral akanpe sou mòn Olivye a, ak sou oseyan pisan an, sou gwo pwofondè a menm, ak sou zile yo ki sou lanmè a, ak sou tè Siyon an.

21 Epi li pral aleve vwa l soti nan bSiyon, epi li pral pale nan Jerizalèm, epi yo pral tande vwa li pami tout pèp;

22 Epi se pral yon vwa tankou avwa yon gwo dlo, epi tankou vwa yon gwo bloray ki pral ckraze mòn yo, epi yo p ap jwenn vale yo.

23 Li pral kòmande gwo pwofondè a, epi pwofondè a pral retounen nan peyi nò yo, epi azile yo pral tounen yon sèl tè;

24 Epi peyi aJerizalèm nan ak peyi Siyon an pral retounen nan plas yo a ankò, epi tè a pral vin tankou l te ye nan epòk anvan l te bdivize a.

25 Epi Senyè a, Sovè a menm, pral kanpe nan mitan pèp li a, epi l pral arenye sou tout kò fizik.

26 Epi moun ki nan peyi a yo, Senyè a pral sonje yo; epi pwofèt yo pral tande vwa li, epi yo p ap kenbe tèt yo ankò; epi yo pral frape wòch yo, epi glas la pral fonn nan prezans yo.

27 Epi yon agranri pral bati nan mitan gwo pwofondè a.

28 Ènmi yo pral tounen manje nan men yo,

29 Epi nan asavann dezole a pral gen lak dlo vivan ki pral parèt; epi tè sèch la p ap yon tè ki swaf ankò.

30 Epi yo pral pote trezò rich yo pou pitit aEfrayim yo, sèvitè m yo.

31 Epi fwontyè akolin etènèl yo pral tranble nan prezans yo.

32 Epi se la yo pral tonbe epi yo pral kouwone avèk laglwa, nan Siyon menm, anba men sèvitè Senyè a, pitit Efrayim yo menm.

33 Epi yo pral ranpli avèk akantik lajwa etènèl la.

34 Gade, se benediksyon Bondye etènèl la sou atribi Izrayèl yo, ak benediksyon ki pi rich la sou tèt bEfrayim ak patizan l yo.

35 Epi moun ki nan tribi aJida yo tou, apre doulè yo, yo pral sanktifye nan bsentete devan Senyè a, pou yo rete nan prezans li.

36 Epi kounyeya, an verite, Senyè a di, pou moun kapab konnen bagay sa yo pami nou, O abitan yo ki sou tè a, m voye azanj mwen vole nan mitan syèl la, avèk blevanjil etènèl la, ki parèt devan kèk moun epi ki bay lèzòm li, ki pral parèt devan anpil moun ki rete sou tè a.

37 Epi alevanjil sa a pral bpreche devan cchak nasyon, chak fanmi, chak lang, chak pèp.

38 Epi sèvitè Bondye yo prale, pou yo di avèk yon vwa fò: Gen lakrent pou Bondye epi ba li laglwa, paske lè jijman li a rive;

39 Epi aadore limenm ki te fè syèl la, ak tè a, ak lanmè a, ak fontèn dlo yo—

40 Rele non Senyè a lajounen tankou nan nuit, di konsa: O w ta dwe afann syèl la, ou ta dwe desann, pou mòn yo ta kapab plati an prezans ou.

41 Epi repons la pral tonbe sou tèt yo; paske prezans Senyè a pral tankou dife wouj k ap boule, epi tankou dife ki fè dlo abouyi.

42 O Senyè, ou pral desann pou ou fè advèsè ou yo konnen non ou, epi tout nasyon pral tranble nan prezans ou—

43 Lè ou fè bagay ki tèrib, bagay yo pa espere;

44 Wi, lè ou desann, epi mòn yo pral plati nan prezans ou, ou pral arankontre moun ki rejwi epi ki fè lajistis la, ki sonje ou nan fason ou yo.

45 Paske depi nan kòmansman mond lan lèzòm pa t tande ni tou yo pa t aprann avèk zòrèy yo, ni tou okenn je pa t wè, O Bondye, eksepte ou menm, ki gran bagay ou apare pou moun k ap brete tann ou.

46 Epi moun pral di: akiyès sa a ki desann bsoti kote Bondye nan syèl la avèk rad li tache a; wi, nan rejyon nou pa konnen yo, ki abiye avèk rad gloriye li a, k ap vwayaje avèk tout grandè fòs li a?

47 Epi li pral di: Se mwen menm ki te pale avèk lajistis la, ki gen pouvwa pou sove moun.

48 Epi rad Senyè a pral awouj, epi gaman l pral tankou yon moun ki t ap travay nan faktori diven.

49 Epi laglwa prezans li pral tèlman gran, asolèy la pral kache figi l avèk wont, epi lalin nan pral wete limyè pa l, epi zetwal yo pral tonbe soti nan plas yo.

50 Epi moun pral tande vwa l: M te amete anba près diven an pou kont mwen, epi m pote jijman sou tout moun; epi pèsonn pa t avèk mwen

51 Epi m te pilonnen yo lè m te fache a, epi m te pyetine yo nan kòlè mwen, epi m te awoze gaman mwen avèk san yo, epi m te atache tout rad mwen; paske se te jou vanjans ki te nan kè mwen an.

52 Epi kounyeya jou moun m te rachte yo rive; epi yo pral mansyone bon jantiyès Senyè yo a, ak tout sa li te devèse sou yo akoz bonte l, epi akoz bon jantiyès li, pou toujou ajamè.

53 Nan tout aafliksyon moun sa yo, li te aflije. Epi zanj ki nan prezans li a te sove yo; epi nan bamou li, ak nan pitye li, li te crachte yo, epi l te sipòte yo, epi l te pote moun nan tan ansyen yo;

54 Wi, aEnòk tou, ak moun ki te avèk li yo; pwofèt ki te anvan l yo; ak bNoye tou, ak moun ki te anvan l yo; ak cMoyiz tou, ak moun ki te anvan l yo;

55 Epi depi nan Moyiz jouk nan Eli, epi depi nan Eli jouk nan Jan, ki te avèk Kris la nan arezirèksyon li a, ak apot sen yo, avèk Abraram, Izarak, epi Jakòb, ki pral nan prezans Ti Mouton an.

56 Epi atonb bsen yo pral clouvri; epi yo pral leve pou yo kanpe bò kote ddwat Ti Mouton an, lè l kanpe sou emòn Siyon an, ak sou vil sen an, fNouvo Jerizalèm nan; epi yo pral chante gkantik Ti hMouton an, lajounen tankou nan nuit pou toujou ajamè.

57 Epi poutèt rezon sa a, pou lèzòm kapab vin pataje nan alaglwa ki te gen pou revele yo, Senyè a te voye plenitid blevanjil li a, alyans etènèl li a, ki rezone klèman epi avèk senplisite—

58 Pou pare moun ki fèb yo pou bagay k ap vini sou tè a, epi pou misyon Senyè a nan jou moun ki afèb yo pral konfonn moun ki saj yo, epi pou bti piti a kapab vin tounen yon nasyon fò, epi sèlman cde pral dewoute santèn milye ladan yo.

59 Epi pa mwayen bagay ki fèb sou tè a Senyè a pral apilonnen nasyon yo avèk pouvwa Lespri l.

60 Epi se pou rezon sa a Bondye te bay kòmandman sa yo; moun yo te gen kòmandman pou kenbe yo lwen mond lan nan epòk yo te resevwa yo a, men, kounyeya yo dwe aale jwenn btout moun—

61 Epi sa fèt daprè panse ak volonte Senyè a, ki gouvène sou tout moun.

62 Epi yon moun ki arepanti epi ki bsanktifye tèt li devan Senyè a l ap resevwa clavi etènèl.

63 Epi pou moun ki pa akoute vwa Senyè a, pawòl bouch pwofèt Moyiz te pale a pral akonpli, pawòl ki di yo pral bretranche pami pèp la.

64 Epi tou, bagay pwofèt aMalachi te ekri a: Paske, gade, bjou ki pral cboule tankou yon founo a pral rive epi tout lògeye yo, wi, tout moun k ap fè mechanste yo pral tankou pay; epi Senyè tout Lame yo di jou k ap vini an pral tèlman boule yo, p ap rete ni rasin ni branch.

65 Se sa ki fè, men repons Senyè a ba yo:

66 Nan jou sa a lè m vin kote moun pa m yo, pèsonn pami nou pa t aresevwa m, epi yo te mete nou deyò.

67 Lè m te rele ankò pa t gen okenn moun pami nou ki reponn; malgre sa, aponyèt mwen pa t rakousi ditou pou m pa ta kapab rachte moun, ni bpouvwa m tou pou m delivre moun.

68 Gade, lè m kòmande, m aseche lanmè a, m fè rivyè yo tounen yon dezè; pwason yo mouri, epi yo mouri anba swaf.

69 M abiye syèl la an nwa, epi m fè sak tounen rad li.

70 Epi men asa nou pral resevwa nan men m—nou pral kouche nan tristès.

71 Gade, pa gen pèsonn pou delivre nou; paske nou pa t obeyi vwa m lè m te rele nou anlè nan syèl la; Nou pa t kwè sèvitè m yo, epi lè m te avoye yo kote nou, nou pa t resevwa yo.

72 Se sa ki fè, yo te asele temwayaj la epi yo te mare lalwa a, epi ou livre anba tenèb.

73 Moun sa yo prale nan tenèb deyò yo, kote ki gen akriye. rele, ak manje dan.

74 Gade, Senyè Bondye w la te pale sa. Amèn.