Èd pou Etid
Enòk


Enòk

Yon pwofèt ki te dirije pèp vil Siyon an. Yo pale konsènan ministè l la ni nan Ansyen Testaman an ni nan Pèl Gran Pri a. Li te setyèm patriyach apre Adan. Se te pitit gason Jarèd ak papa Metichèla (Jen. 5:18–24; Lik 3:37).

Enòk te yon moun enpòtan epi li te gen yon ministè pi enpòtan pase jan istwa kout nan Bib la te demontre a. Bib la fè konnen li te transfòme (Ebre 11:5) men Bib la pa bay okenn detay konsènan ministè l. Jid 1:14 gen sityasyon yon pwofesi li te fè. Revelasyon dènye jou esplike pi plis bagay lontan konsènan Enòk, patikilyèman konsènan predikasyon l yo, vil li a ki te rele Siyon an, vizyon li yo, ak pwofesi li yo (D&A 107:48–57; Moyiz 6–7). Syèl la te resevwa Siyon poutèt jistis moun ki te rete ladann yo (Moyiz 7:69).