Èd pou Etid
Sedesyas


Sedesyas

Nan Ansyen Testaman an, dènye wa Jida a (2 Wa 24:17–20; 25:2–7). Sedesyas te anprizone pwofèt ki te rele Jeremi an (Jer. 32:1–5), epi Jeremi te pwofetize kaptivite Sedesyas la (Jer. 34:2–8, 21). Leyi ak fanmi l te abite nan Jerizalèm pandan premye ane gouvènman Sedesyas la (1 Ne. 1:4). Tout pitit gason Sedesyas yo te mouri, eksepte youn nan pitit gason li yo; Milèk, pitit gason l lan te chape ale nan Emisfè Lwès la (Jer. 52:10; Omni 1:15; Ela. 8:21).