Èd pou Etid
Tit, epit pou


Tit, epit pou

Pandan Pòl te libere tanporèlman anba anprizonman Women yo, li te ekri epit la voye bay Tit, ki te nan Krèt. Prensipalman lèt la adrese kesyon ki gen relasyon avèk disiplin enteryè epi òganizasyon Legliz la.

Chapit 1 gen salitasyon Pòl epi enstriksyon ak kalifikasyon jeneral pou evèk yo. Chapit 2–3 gen ansèyman jeneral ak mesaj pèsonèl pou Tit konsènan trètman plizyè gwoup moun nan Legliz Krèt la. Pòl te ankouraje Sen yo pou yo simonte pèvèsite, pou yo gen sobriyete ak fidelite, epi pou yo kontinye nan bon zèv.