Èd pou Etid
Levanjil yo


Levanjil yo

Kat rejis oubyen temwayaj lavi mòtèl Jezi ak evènman ministè L yo ki nan kat premye liv Nouvo Testaman an. Se Matye, Mak, Lik ak Jan ki te ekri yo, yo se temwayaj anrejistre konsènan lavi Kris la. Liv 3 Nefi nan Liv Mòmon an sanble nan anpil fason avèk kat Levanjil Nouvo Testaman sa yo.

Liv Nouvo Testaman yo te ekri dabò an Grèk. Mo Grèk levanjil la vledi “bon nouvèl”. Bon nouvèl la sèke Jezikri te fè yon ekspyasyon k ap rachte tout limanite anba lanmò epi rekonpanse chak moun daprè zèv pa l (Jan 3:16; Wom. 5:10–11; 2 Ne. 9:26; Alma 34:9; D&A 76:69).

Gade Amoni levanjil yo tou nan apendis la.