Èd pou Etid
Wayòm Women yo


Wayòm Women yo

Wayòm ansyen Wòm nan. Nan epòk apostolik la, Wayòm Women yo te sèl gran pouvwa nan mond lan. Li te anbrase tout bagay ant Efrat, Danib, Ren, Oseyan Atlantik, ak dezè Sahara a. Filisti te vin tounen yon pwovens asosye an 63 anvan Jezikri, lè Ponpe te pran Jerizalèm. Malgre Women yo te bay Juif yo plizyè privilèj, Juif yo te rayi règ Women yo epi yo te nan rebelyon tout tan.

Pòl yon sitwayen Women, te itilize Grèk, langaj ki te pi popilè nan Wayòm nan pou l te gaye levanjil la nan Wayòm nan.