Èd pou Etid
Ansyen, Èldè


Ansyen, Èldè

Mo ansyen an itilize nan plizyè fason nan Bib la. Nan Ansyen Testaman an li fè moun panse souvan ak yon nonm ansyen nan yon tribi kòm referans, ki gen responsablite nan zafè gouvènman (Jen. 50:7; Joz. 20:4; Rit 4:2; Mat. 15:2). Laj yo ak eksperyans yo te rann konsèy yo valab. Pozisyon yo pa t nesesèman yon apèl nan prètriz la.

Te gen ansyen tou ki te resevwa òdonans nan Prètriz Mèlkisedèk la nan Ansyen Testaman an (Egz. 24:9–11). Nan Nouvo Testaman an yo mansyone ansyen yo kòm yon pozisyon nan prètriz legliz la (Jak 5:14–15). Pami Nefit yo tou, te gen ansyen ki te òdone nan prètriz la (Alma 4:7, 16; Mowo. 3:1). Nan dispansasyon sa a, Joseph Smith ak Oliver Cowdery te premye ansyen yo ki te resevwa òdonans (D&A 20:2–3).

Kounyeya, Èldè se yon tit yo bay tout moun ki gen Prètriz Mèlkisedèk la. Pa egzanp, yo rele misyonè gason yo Èldè. Epi tou, yon Apot se yon Èldè, epi li apwopriye pou moun pale konsènan manm Kowòm Douz Apot yo oubyen Kowòm Swasanndis yo ak tit sa a (D&A 20:38; 1 Pyè 5:1). Nou jwenn devwa ansyen yo ki òdone nan Legliz la jodi a nan revelasyon dènye jou yo (D&A 20:38–45; 42:44; 46:2; 107:12).